Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 3:18 - 1998 Haïtienne

18 Te gen Andre, Filip, Batèlmi, Matye, Toma, Jak, pitit Alfe a, Tade, Simon, patriyòt la,

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Apre sa Andre, Filip, Batèlmi, Matye, Toma, Jak pitit Alfe a, Tade epi Simon yo bay non Patryòt,

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 André, ak Philippe, ak Barthélemy, ak Matthieu, ak Thomas, ak Jacques, fis Alphée a, ak Thaddée, e Simon, Zelòt la;

参见章节 复制




Mak 3:18
27 交叉引用  

Se pa pitit bòs chapant lan? Se pa Mari ki manman li? Se pa frè Jak, Jozèf, Simon ak Jid li ye?


Jezi kite kote l te ye a. Antan li t'ap pase konsa, li wè yon nonm yo te rele Matye ki te chita nan biwo kontribisyon an. Jezi di l konsa: — Swiv mwen. Matye annik leve, li swiv Jezi.


Antan Jezi t'ap pase konsa, li wè Levi, pitit Alfe a, chita nan biwo kontribisyon an. Jezi di l konsa: — Swiv mwen. Levi annik leve, li swiv Jezi.


de pitit Zebede yo: Jak ak Jan, frè l la. Jezi te ba yo yon ti non Boanèj, ki vle di Pitit loray.


ak Jida Iskaryòt, nonm ki te trayi Jezi a.


Se pa ti bòs chapant pitit Mari a? Se pa frè Jak, Jòz, Jid ak Simon an? Apa tout sè l yo la avèk nou? Se sa ki fè li te tounen pou yo yon okazyon pou tonbe nan peche.


Andre, frè Simon Pyè a, te yonn nan de moun ki te tande sa Jan te di a epi ki te swiv Jezi.


Lè sa a, Toma (yo te rele Jimo a) di lòt disip yo: — Ann ale tou ansanm ak Mèt la pou n ka mouri ansanm avè li.


Jid (se pa Jida Iskaryòt la non) di l konsa: — Senyè, ki jan pou ou fè nou wè ou san pou moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo pa wè ou?


Simon Pyè, Toma (yo rele Jimo a), Natanayèl (ki te moun Kana nan peyi Galile) ak de pitit Zebede yo te la ansanm ak de lòt nan disip Jezi yo.


Rive yo rive, yo moute anlè nan chanmòt la. Se te gen Pyè, Jak ak Andre, filip ak Toma, Batèlmi ak Matye, Jak, pitit Alfe, Simon, patizan zelòt yo, epi Jid, pitit Jak.


Lè yo fin pale, Jak pran lapawòl, li di: — Frè m yo, koute mwen.


Nan denmen, Pòl ale lakay Jak ansanm ak nou. Tout chèf reskonsab legliz yo te reyini la.


Yon lòt fwa li te parèt ankò, li te fè Jak wè li. Apre sa, li te fè tout lòt apòt yo wè l ankò.


Eske m pa gendwa fè tankou tout lòt apòt yo, tankou frè Senyè yo ansanm ak Sefas, pou m mennen yon sè ki ta madanm mwen kote m prale?


Lè sa a, mwen pat wè okenn nan lòt apòt yo, esèpte Jak, frè Senyè a.


Lè sa a, Jak, Pyè ak Jan ki te pilye (potomitan) legliz la, yo rekonèt se Bondye ki te ban mwen misyon sa a. Yo bay Banabas ak mwen lamen asosyasyon. Nou tonbe dakò ak mwen pou Banabas ak mwen al travay nan mitan moun ki pa jwif yo.


Mwen menm Jak, sèvitè Bondye ak Jezikri Senyè nou an, m'ap ekri lèt sa a pou douz branch fanmi yo ki gaye toupatou sou latè. Bonjou pou nou tout.


Mwen menm Jid, sèvitè Jezikri, frè Jak la, m'ap ekri nou lèt sa a, nou tout Bondye rele, nou menm k'ap viv ansanm nan renmen Bondye Papa a ak anba pwoteksyon Jezikri.


跟着我们:

广告


广告