Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 2:8 - 1998 Haïtienne

8 Menm lè a Jezi te gentan konnen nan fon kè l sa k t'ap pase nan tèt yo. Li di yo: — Poukisa n'ap fè lide konsa nan kè nou?

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Menm lè a tou, Jezi ki te konnen byen sa yo t ap di nan kè yo, li di yo: “Poukisa n ap reflechi konsa?

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Epi nan menm moman an, Jésus, okouran nan lespri Li ke yo t ap refleshi konsa, te di yo: “Poukisa nou ap rezone sou bagay sa yo konsa nan kè nou?

参见章节 复制




Mak 2:8
23 交叉引用  

Mwen konnen, Bondye mwen, ou sonde kè tout moun, ou kontan ak moun ki mache dwat. Se poutèt sa, ak tout kè mwen, mwen ofri ou tout bagay sa yo. Kounyeya mwen wè jan pèp ou a ki sanble isit la, kontan pou yo pote ofrann pa yo pou ou tou ak tout kè yo.


Ou konnen lè m chita, ou konnen lè m kanpe. Ou rete byen lwen, ou konnen tou sa k'ap pase nan tèt mwen.


Senyè a pa ka sipòte lide mechan yo gen nan tèt yo. Men, sa fè l plezi pou l tande pawòl moun ki san repwòch.


Tou sa moun san konprann gen lide fè, se fè sa ki mal. Konsa tou, moun pa vle wè moun k'ap plede pase moun nan betiz.


Se pou mechan yo kite move chemen y'ap swiv la. Se pou malveyan yo wete move lide k'ap travay nan tèt yo. Se pou yo tounen vin jwenn Senyè a ki va gen pitye pou yo. Se pou yo tounen vin jwenn Bondye nou an, paske l'ap padonnen tou sa yo fè.


Men sa Senyè sèl Mèt la voye di Gòg: Lè jou sa a va rive, lespri ou pral pran travay, ou pral fè move lide nan tèt ou.


Men, lè Jezi vin konn sa, li kite kote l te ye a. Yon gwo foul moun t'ap mache dèyè li. Li geri tout moun malad yo.


Disip yo yonn t'ap di lòt: — Se paske nou pa pote pen kifè l'ap di sa.


Men, Jezi te gentan konnen sa ki t'ap pase nan tèt yo. Li di yo: — Poukisa n'ap fè move lide konsa nan tèt nou?


— Poukisa nonm sa a pale mal sou Bondye konsa? Ki moun sou latè ki kapab padonnen peche? Sa se travay Bondye sèlman.


Kisa k pi fasil pou m di nonm paralize a: Peche ou yo padonnen. Osinon: Leve kanpe, pran nat ou, mache?


Se nan kè yon moun, se anndan li tout move lide sòti: lide fè ou fè tout move bagay, li fè ou vòlè, li fè ou touye moun;


Men, Jezi di yo: — Poukisa nou pè konsa? Poukisa tout lide sa yo nan tèt nou?


Jezi menm te konnen sa k t'ap pase nan tèt yo, li di yo konsa: — Poukisa n'ap fè lide konsa nan tèt nou?


Men, Jezi te konnen sa k te dèyè tèt yo. Lè sa a, li di nonm ki te gen menm pòk la: — Leve, vin kanpe la a nan mitan nou. Nonm lan leve kanpe.


Apre sa, li mande li yon twazyèm fwa: — Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen? Sa te fè Simon mal anpil lè li wè Jezi mande l' yon twzyèm fwa: Eske ou renmen mwen? Li reponn li: — Senyè, ou konn tout bagay. Ou konnen mwen renmen ou. Jezi di li: — Pran swen mouton mwen yo.


Men, gen kèk moun pami nou ki pa kwè. (Jezi te pale konsa, paske depi nan konmansman li te konnen moun ki pa t'ap kwè yo ansanm ak moun ki te gen pou trayi l la.)


Lè sa a, Pyè di li: — Ananyas, ki jan ou fè kite Satan antre nan kè ou pou l fè ou bay Sentespri manti, pou l fè ou kenbe enpe nan lajan tè a pou ou?


Wete move lide sa a nan tèt ou, lapriyè Bondye pou ou wè si la padonnen ou dèske ou te fè lide sa a.


Pa gen anyen ki envizib pou Bondye. Tout bagay parèt aklè devan li. Nou tout gen pou rann li kont.


Apre sa, m'ap fè tout pitit li yo mouri. Konsa, tout legliz yo va konnen mwen se moun ki konnen tout lide lèzòm ap fè nan tèt yo ak tout santiman yo gen nan kè yo. M'ap bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.


跟着我们:

广告


广告