Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 2:7 - 1998 Haïtienne

7 — Poukisa nonm sa a pale mal sou Bondye konsa? Ki moun sou latè ki kapab padonnen peche? Sa se travay Bondye sèlman.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 “Poukisa misye sa a ap pale konsa? Apa l ap ensilte Bondye. Kilès ki kapab padone peche apa Bondye?”

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 “Poukisa nonm sa a pale konsa? L ap blasfeme; kilès sof ke Bondye sèl ki kab padone peche?”

参见章节 复制




Mak 2:7
15 交叉引用  

Ki moun ki ka fè dlo pwòp sòti nan yon sous sal? Pèsonn moun.


Men, ou padonnen nou, pou n ka respekte ou.


Se mwen menm ankò k'ap efase tou sa nou fè ki mal. Se paske se mwen kifè m'ap fè l. Mwen p'ap kenbe nou nan kè poutèt peche nou yo.


Ou menm Senyè, Bondye nou, ou gen bon kè, ou konn padonnen paske nou menm nou te vire do ba ou.


Pa gen bondye tankou ou, ou menm ki padonnen mechanste ti rès ki rete nan pèp ou a, ou menm ki pa gade sou sa yo fè ki mal. Ou pa fache pou tout tan. Ou pran tout plezi ou nan gen pitye pou moun.


Lè sa a, granprèt la chire rad ki te sou li a, li di: — L'ap pale mal sou Bondye. Sa nou bezwen lòt temwen fè: Nou fenk tande ak zòrèy nou jan l pale mal sou Bondye.


Lè sa a, kèk dirèktè lalwa di nan kè yo: — Nonm sa a ap pale mal sou Bondye.


Nou sot tande jan l pale mal sou Bondye. Sa nou di nan sa? Yo tout deklare Jezi koupab, yo di li merite lanmò.


Te gen kèk dirèktè lalwa chita la. Yo t'ap di nan kè yo:


Menm lè a Jezi te gentan konnen nan fon kè l sa k t'ap pase nan tèt yo. Li di yo: — Poukisa n'ap fè lide konsa nan kè nou?


Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo t'ap di nan kè yo: — Kilès nonm sa a k'ap pale mal sou Bondye konsa? Pa gen lòt moun sou latè ki ka padonnen peche, esepte Bondye sèlman.


Moun ki te chita bò tab la avèk li yo pran di nan kè yo: — Ki moun nonm sa a ye menm pou li padonnen peche?


Jwif yo reponn li: — Se pa pou okenn bon bagay nou vle touye ou ak kout wòch. Men, se paske w'ap pale mal sou Bondye. Se moun ou ye, epi w'ap chache pase pou Bondye.


Mwen menm menm, se Bondye ki mete m' apa pou li, se li ki voye m' nan lemonn nan. Kijan nou ka di m'ap pale Bondye mal lè mwen di se pitit Bondye mwen ye?


跟着我们:

广告


广告