Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 2:5 - 1998 Haïtienne

5 Jezi wè jan yo te gen konfyans nan li, li di nonm paralize a: — Pitit mwen, peche ou yo padonnen.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Lè Jezi wè kijan moun yo te gen lafwa, li di nonm ki te paralize a: “Pa dekouraje, pitit gason m, peche w yo padone!”

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Jésus, lè L te wè lafwa yo, te di a paralitik la: “Fis Mwen, peche ou yo padone.”

参见章节 复制




Mak 2:5
28 交叉引用  

Zanj lan di li: — Atansyon! Pa fè ti nonm nan mal! Se atòkile mwen wè ou gen krentif pou mwen vre deske ou pa derefize touye sèl pitit gason ou lan pou mwen.


Li padonnen tout peche m yo, li geri tout maladi m yo.


Ou wete m nan kè sere m te ye a. Se ou menm ki wete m nan bouch twou a. Ou voye tout peche m yo jete dèyè do ou.


Apre tout soufrans sa yo, l'a jwenn kè kontan ankò. L'a konnen li pat soufri pou gremesi. Li te sèvi Bondye yon jan ki kòrèk nèt. Li te pran chatiman anpil moun sou do l. L'a fè Bondye fè yo gras.


Se konsa, yo pote ba li yon nonm paralize kouche sou yon kabann. Jezi wè jan moun yo te gen konfyans nan li, li di nonm paralize a: — Pran kouray, pitit mwen, peche ou yo padonnen.


Jezi vire tèt li, li wè fanm lan. Li di l konsa: — Pran kouray, mafi. Konfyans ou nan Bondye ap geri ou. Menm lè a, fanm lan geri.


Kisa ki pi fasil pou m di: Peche ou yo padonnen, osinon: Leve mache?


Te gen kèk dirèktè lalwa chita la. Yo t'ap di nan kè yo:


Jezi di li: — Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Ou mèt ale ak kè poze, tande. Ou geri nèt.


Jezi wè jan yo te kwè nan li, li di nonm malad la: — Monchè, tout peche ou yo padonnen.


Jezi di li: — Mafi, se konfyans ou nan Bondye ki geri ou. Ale ak kè poze.


Li pat bezwen moun te di l anyen sou pèsonn, paske li menm li te konnen sa ki nan kè yo.


Pita, Jezi kontre nonm lan nan tanp lan. Li di li konsa: — Koute non. Kounyeya ou wè ou geri, pa fè peche, tande, pou bagay pi mal pa rive ou.


Lè Banabas rive, li wè ki jan Bondye t'ap beni disip yo. Li pat manke kontan, li t'ap ankouraje yo pou yo tout te kenbe fèm ak tout kè yo nan sèvis Senyè a san dekouraje.


Li t'ap koute sa Pòl t'ap di. Pòl fikse je l sou li, li wè nonm lan te gen kont konfyans nan Bondye pou l te geri.


Bondye fè l moute chita sou bò dwat li, li mete l Chèf sou nou, li fè l delivre nou. Li fè sa pou bay pèp Izrayèl la yon bèl chans pou l tounen vin jwenn Bondye, pou l resevwa padon pou peche l yo.


Se sa k fè gen anpil moun malad konsa nan mitan nou, anpil moun k'ap soufri feblès, san konte sa ki mouri deja.


Enben, lè nou menm nou padonnen yon moun pou mal li fè a, mwen menm tou mwen padonnen li. Lè mwen menm mwen padonnen li, — pou di vre, mwen pa gen anyen pou m padonnen non, — men, lè m fè sa, mwen fè l pou nou devan Kris la,


Se paske li renmen nou kifè li delivre nou, nou menm ki mete konfyans nou nan li. Sa pa sòti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou.


Se pou nou yonn sipòte lòt, pou nou yonn padonnen lòt si nou gen kont yonn ak lòt. Wi, se pou yonn padonnen lòt, menm jan Kris la te padonnen nou.


Lè lapriyè a fèt ak konfyans, li va delivre malad la. Senyè a va fè l leve gaya. Si li te fè kèk peche, Bondye va padonnen li.


跟着我们:

广告


广告