Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 2:2 - 1998 Haïtienne

2 Moun te sitèlman rasanble, pa te gen kote pou pike zepeng, menm devan pòt la. Jezi menm t'ap ba yo pawòl la.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Poutèt sa, yon pil moun te rasanble, pa t gen okenn plas rete menm pou moun te kanpe, ni andan ni devan pòt la. Epi li t ap preche yo pawòl Bondye a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Byen vit anpil moun te rasanble devan pòt la pou jis lè pa t gen plas ankò, e Li te pale pawòl la bay yo.

参见章节 复制




Mak 2:2
20 交叉引用  

(10) Senyè, lè tout pèp Bondye a te reyini, mwen te fè yo konnen jan ou fè nou gras. Wi, ou konn sa, mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen.


Li tanmen moutre moun yo anpil bagay. Li di yo:


Apre yo te fin mete Jan nan prizon, Jezi ale nan peyi Galile pou l te fè konnen Bòn Nouvèl Bondye voye a.


Tout moun lavil la te sanble devan pòt kay la.


Lè yo jwenn li, yo di l konsa: — Tout moun ap chache ou wi.


Men nonm lan pati, li pran mache fè konnen bagay la toupatou. Li sitèlman gaye nouvèl la, Jezi pa te ka antre nan okenn lòt vil san moun pa wè li. Li te pito rete apa poukont li kote ki pa gen moun. Men moun te soti toupatou vin jwenn li.


Apre kèk jou, Jezi pati Kapènawòm ankò. Pèp la vin aprann li te lakay li.


Jezi tounen ankò bò lanmè Galile a. Yon foul moun te vin jwenn li, epi li t'ap moutre yo anpil bagay.


Lè Jezi rive pou l debake sot nan kannòt la, li wè tout bann moun yo. Kè l fè l mal pou yo, paske yo te tankou yon bann mouton san gadò. Lamenm, li tanmen esplike yo anpil bagay.


Lè sa a, se pa ti kras moun ki te sanble. Te sitèlman gen moun, yonn t'ap pile lòt. Jezi pran di disip li yo: — Veye kò nou ak ledven farizyen yo, ak ti jan ipokrit yo a.


Yon jou, Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay. Kèk farizyen ak kèk dirèktè lalwa te chita la. Yo te sòti nan tout bouk Galile yo, nan bouk Jide yo ak nan lavil Jerizalèm. Pouvwa Bondye te avèk Jezi, li t'ap geri malad yo.


Apre sa, Jezi mache ale nan tout lavil yo ak nan tout bouk yo. Li t'ap mache bay mesay la, li t'ap anonse bòn nouvèl peyi kote Bondye Wa a. Douz disip yo te toujou avè li.


— Men sa parabòl sa a vle di: Grenn y'ap simen an se pawòl Bondye.


Avèk pèsekisyon ki te tonbe sou yo apre lanmò Etyèn lan, disip yo te gaye. Genyen ki t'al nan peyi Fenisi, nan zile Chip ak nan vil Antyòch. Men yo t'ap anonse pawòl la bay jwif yo sèlman.


Yo anonse pawòl Bondye a lavil Pèj. Apre sa, yo desann Atali.


Sentespri pat kite Pòl ak Timote al anonse pawòl Bondye a nan pwovens Lazi a. Se sa k fè yo te pase nan zòn Friji ak zòn Galasi san rete.


Lè Pyè ak Jan fin rann temwanyaj sa a, lè yo fin bay mesay Bondye a, yo tounen lavil Jerizalèm. Sou tout wout la, yo t'ap bay bòn nouvèl la nan anpil bouk peyi Samari.


Kisa yo di ankò? Men sa yo di: Pawòl la toupre ou, li nan bouch ou, li nan kè ou. Epi pawòl la se mesay konfyans nan Bondye, mesay n'ap anonse a.


Fè konnen pawòl Bondye a, mache bay li san pran souf, nan tout sikonstans, tan an te mèt bon li te mèt pa bon. Bay tout kalite prèv, rale zòrèy, bay konsèy, moutre moun yo verite a avèk pasyans nèt ale.


跟着我们:

广告


广告