Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 2:1 - 1998 Haïtienne

1 Apre kèk jou, Jezi pati Kapènawòm ankò. Pèp la vin aprann li te lakay li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Kèk jou apre sa, Jezi retounen lavil Kapènawòm, epi pèp la te tande li lakay li.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Lè L te retounen kèk jou apre, nouvèl la te gaye ke Li te lakay Li.

参见章节 复制




Mak 2:1
13 交叉引用  

Li kite Nazarèt, l'ale rete Kapènawòm, toupre lanmè Galile, sou tè moun Zabilon ak moun Neftali yo.


Jezi moute nan kannòt la, li tounen lòt bò lanmè a ankò, nan lavil kote l te ye a.


Men nonm lan pati, li pran mache fè konnen bagay la toupatou. Li sitèlman gaye nouvèl la, Jezi pa te ka antre nan okenn lòt vil san moun pa wè li. Li te pito rete apa poukont li kote ki pa gen moun. Men moun te soti toupatou vin jwenn li.


Moun te sitèlman rasanble, pa te gen kote pou pike zepeng, menm devan pòt la. Jezi menm t'ap ba yo pawòl la.


Apre sa, Jezi tounen lakay li. Te sitèlman gen moun ki te sanble ankò, Jezi ak disip li yo pat menm gentan pou yo te manje.


Lè l fin kite foul moun yo dèyè, li antre nan kay la. Disip li yo mande l esplike yo parabòl sa a.


Jezi kite kote li te ye a, l'ale nan zòn ki nan vwazinay lavil Tir la. L antre nan yon kay, li pat vle pèsonn konnen li te la. Men, li pat kapab rete kache.


Antre Jezi antre nan kay la, disip yo pran l apa, epi yo di li: — Poukisa nou pat kapab chase lespri sa a?


Jezi di yo: — Koulyeya, nou pral di mwen: Zanmi! Bale devan pòt ou anvan ou bale devan pòt kanmarad. N'a di m' tou: nou tande tout sa ou te fè lavil Kapènawòm, fè yo isit la tou nan peyi pa ou la.


Se konsa, kèk moun vin ap pote yon nonm paralize kouche sou yon kabann. Yo t'ap chache fè l antre nan kay la pou mete l devan Jezi.


Lè li vin konnen Jezi te sòti peyi Jide vin nan peyi Galile, l'al jwenn li, li mande l pou l'al Kapènawòm geri pitit li a ki te prèt pou mouri.


Lè yo tande bri a, yon kantite ladan yo sanble. Yo tout te sezi anpil paske yo t'ap tande moun yo pale nan lang peyi yo chak.


跟着我们:

广告


广告