Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 14:2 - 1998 Haïtienne

2 Yonn t'ap di lòt: — Nou pa kapab arete l pandan jou fèt yo, paske sa ka kreye dezòd nan pèp la.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Paske yo t ap di: “Nou pa ka arete Jezi pandan fèt la. Pèp la ka leve kont nou.”

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Paske yo t ap di: “Pa pandan fèt la, otreman sa kab fè pèp la fè twoub.”

参见章节 复制




Mak 14:2
13 交叉引用  

Yon moun te mèt fè tout kalite lide nan tèt li. Men, sa Senyè a vle a, se sa ki pou rive.


Devan Senyè a pa gen ni moun konnen, ni moun lespri, ni moun ki gen bon konprann.


Sa bon pou nou aprann sipòte depi nou tou jenn.


— Nou konnen, nan de jou jwif yo pral fete fèt Delivrans lan. Yo pral lage Moun Bondye voye nan lachè a nan men moun ki pou kloure l sou kwa a.


Yonn t'ap di lòt: — Nou pa kapab arete l pandan fèt la pou sa pa eksite pèp la fè dezòd.


Lè chèf prèt yo avèk dirèktè lalwa yo tande sa, yo t'ap chache yon jan pou yo fè touye l. Paske yo te vin pè l, lèfini, pawòl li t'ap moutre moun yo te aji anpil sou foul moun yo.


Epi si nou reponn se moun ki voye li...! Yo te pè reyaksyon pèp la. Paske tout moun yo te pran Janbatis pou yon pwofèt tout bon


Nan de jou, se te fèt Pak ak fèt Pen San Ledven. Chèf prèt yo ak direktè lalwa yo t'ap chache okazyon arete Jezi san pesonn pa konn sa, pou fè touye li.


Jezi te Betani, lakay Simon, nèg ki te gen lalèp la. Pandan li te atab, yon madamn vin antre. Li te pote yon ti boutèy pòslèn plen losyon byen chè. Madamn lan dekachte boutèy la, li vide tout losyon an sou tèt Jezi.


Si nou reponn se lèzòm ki voye li, pèp la va kalonnen nou ak wòch, paske yo tout gen konviksyon Janbatis te yon pwofèt tout bon vre.


Fèt Pen san ledven yo, ki vle di fèt Delivrans jwif yo, te prèt pou rive.


Farizyen yo menm, yonn t'ap di lòt: — Nou wè. Nou pa ka fè anyen pou anpeche sa. Gade jan tout moun ap swiv li!


Te gen kèk moun nan foul pèp la, lè yo fin tande pawòl sa yo, yo t'ap di konsa: — Se vre wi. Nonm sa a, se pwofèt la!


跟着我们:

广告


广告