Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 13:9 - 1998 Haïtienne

9 Men, nou menm, kenbe kò nou. Y'ap trennen nou devan tribinal, y'ap bat nou nan sinagòg yo, n'ap konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou ka sèvi m temwen devan yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

9 Nou menm, fòk nou pran prekosyon. Y ap livre nou bay chèf yo, y ap bat nou nan sinagòg yo. Nou va konparèt devan wa ak gouvènè yo poutèt mwen. Sa va sèvi yo temwanyaj.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 “Men veye nou; paske y ap livre nou devan tribinal yo, e nou va resevwa kout fwèt nan sinagòg yo, e nou va kanpe devan gouvènè avèk wa yo pou koz a non Mwen, kon yon temwayaj a yo menm.

参见章节 复制




Mak 13:9
37 交叉引用  

Men, mwen menm, men sa m'ap di nou: Nenpòt moun ki ankòlè sou frè l, se pou yo jije li. Moun ki joure frè l enbesil, se pou yo jije l devan Gran Konsèy la. Si yon moun di frè l moun fou, li bon pou yo jete l nan dife lanfè a.


Li di l konsa: — Piga ou pale sa ak pèsonn. Men, al fè prèt la wè ki jan ou ye. Apre sa, w'a ofri sa Moyiz te bay lòd pou ofri a. Konsa w'a bay tout moun prèv ou geri.


Lè sa a Jezi pran di yo: — Atansyon pou pèsonn pa twonpe nou.


Yon pèp va goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen tranblemanntè divès kote. Va gen anpil grangou. Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman.


Men si nou rive yon kote nou wè pesonn pa vle resevwa nou, pesonn pa vle koute nou, vire do ale fè wout nou. Souke pousyè nan pye nou pou sa sèvi yo avètisman.


Tout kote moun pa vle resevwa nou, kite lavil sa a, souke pousyè pye nou. Konsa yo p'ap ka di nou pat avèti yo.


Chonje sa m te di nou: Yon domestik pa janm pi grannèg pase mèt li. Si yo pèsekite m, y'a pèsekite nou tou. Si yo fè sa m te moutre yo, y'a fè sa n'a moutre yo tou.


Y'a radye nou nan sinagòg yo. Rive yon lè, moun ki touye nou va mete nan tèt yo se sèvi y'p sèvi Bondye.


Li vin jwenn nou. Li pran sentiwon ki te nan ren Pòl la, li mare de pye pa l ak de men pa l yo, epi li di: — Men sa Sentespri deklare: Se konsa jwif Jerizalèm yo pral mare mèt sentiwon sa a. Apre sa, y'ap lage l nan men moun lòt nasyon yo.


Lè manm Gran Konsèy yo tande pawòl sa yo, yo fin pran chenn, yo manje dan yo sou Etyèn sitèlman yo te an kòlè.


Mwen menm, m'a moutre l tou sa li gen pou l soufri pou mwen.


Paske nou menm k'ap sèvi Kris la, Bondye ban nou favè sa a, non sèlman pou nou gen konfyans nan li, men pou nou ka soufri avè li tou.


Sa fè moun wè se Bondye ki gen rezon lè l'ap jije. Paske, avèk tou sa n'ap sipòte kounyeya, n'ap fin bon nèt pou nou ka antre nan peyi kote Bondye wa a. Se pou peyi sa a menm n'ap soufri konsa.


Veye kò nou byen pou nou pa pèdi benefis travay nou an, pou nou ka resevwa tout rekonpans nou.


Mwen menm Jan, frè nou, ki fè yon sèl ak nou, kit nan soufrans nou, kit nan wayòm Bondye a, kit nan pasyans Jezikri ban nou. Yo mete mwen nan zile Patmòs, yo ban mwen la pou prizon, paske mwen t'ap fè konnen pawòl Bondye a, mwen t'ap preche Jezikri.


Ou pa bezwen pè pou sa ou pral soufri ankò. Koute, Satan pral chache sonde nou tout, li pral jete anpil nan nou nan prizon. Nou pral soufri pandan dis jou. Men, kenbe fèm menm si nou gen pou n mouri. M'a ban nou lavi pou rekonpans.


Mwen konnen kote ou rete a se la Satan chita. Ou pa lage m, ou pa pèdi konfyans ou gen nan mwen an, menm lè yo te fè touye Antipas ki mouri poutèt mwen la nan mitan nou, nan lavil kote Satan rete a.


跟着我们:

广告


广告