Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 13:7 - 1998 Haïtienne

7 Lè n'a tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen, nou pa bezwen pè. Fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Lè nou pran nouvèl sou lagè k ap fèt pasi pala, ou pa bezwen pè. Bagay sa yo dwe rive, men se poko lafen an sa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Lè nou tande afè lagè ak bwi lagè, pa enkyete nou. Fòk sa fèt, men se pa lafen.

参见章节 复制




Mak 13:7
17 交叉引用  

Nou tout gen pou mouri. Nou tankou dlo. Depi ou lage dlo atè, ou pa ka ranmase l ankò. Lè yon moun fin mouri, li mouri nèt. Men, Bondye ta vle pou moun ki te kouri al chache pwoteksyon nan peyi etranje a tounen nan peyi l.


Kè l p'ap kase lè li pran move nouvèl. Li gen yon konfyans fèm nan Senyè a.


Menm si yon lame moun ta sènen mwen toupatou, mwen p'ap pè anyen. Menm si yo ta vle fè mwen lagè, m'ap toujou gen konfyans nan Bondye.


Ou p'ap bezwen pè: malè p'ap rete konsa pou l tonbe sou tèt ou. Ni tou, sa ki rive mechan yo p'ap rive ou.


Pa rele konplo sa pèp la rele konplo. Ou pa bezwen pè sa pèp la pè a. Wi, ou pa bezwen gen kè sote.


Pa dekouraje. Pa kite bri k'ap kouri nan peyi a fè nou pè. Chak ane, yo fè kouri yon kalite bri. Yon lè, yo di se chèf k'ap goumen ak chèf pou pouvwa.


Ala yon lapenn pou lèzòm! Pa manke bagay ki pou fè yo tonbe nan peche! Wi! se vre, bagay sa yo ap toujou la. Men, malè pou moun ki lakòz bagay sa yo rive!


Lè wa Ewòd pran nouvèl la, sa te boulvèse tèt li. Sa te boulvèse tout moun lavil Jerizalèm yo tou.


Paske anpil moun ap vin sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la. Y'a twonpe anpil moun.


Yon pèp va goumen ak yon lòt pèp. Yon peyi va atake yon lòt peyi. Va gen tranblemanntè divès kote. Va gen anpil grangou. Tou sa, se va tankou tranche anvan akouchman.


Jezi di yo: — Pa kite tèt nou toumante. Mete konfyans nou nan Bondye, mete konfyans nou nan mwen tou.


— M'ap ban nou kè poze. M'ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p'ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.


Li t'ap ba yo esplikasyon, li t'ap moutre yo ki jan, dapre sa ki te ekri a, Kris la te gen pou l soufri, li te gen pou l te leve sòti vivan nan lanmò. Li t'ap di yo: — Jezi m'ap fè nou konnen an, se li menm ki Kris la.


跟着我们:

广告


广告