Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 13:6 - 1998 Haïtienne

6 Paske anpil moun ap vin sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la. Y'a twonpe anpil moun.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 paske gen anpil moun ki pral vin sou non mwen, epi k ap di: se mwen menm ki Kris la, y ap rive twonpe anpil moun konsa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Anpil va vini nan non Mwen, e y ap di: ‘Mwen se Li menm!’ Y ap mennen nou nan anpil erè.

参见章节 复制




Mak 13:6
13 交叉引用  

Men, Senyè a reponn, li di m konsa: — Se pa vre sa pwofèt yo ap di a. Yo pran non m pou bay manti! Se pa kras mwen menm ki voye yo. Mwen pa ba yo okenn lòd, mwen pa janm pale ak yo. Si yo fè vizyon, se pa mwen ki ba yo l. Si yo di yo konnen sa ki pral rive, se manti. Se lide yo fè nan tèt yo konsa pou twonpe pèp la, se sa ase yo ka louvri bouch yo di.


Gen anpil moun k'ap parèt, y'ap pran pòz pwofèt yo, y'a twonpe anpil moun.


Paske, anpil moun va vini sou non mwen, y'a di se yo menm ki Kris la. Y'a twonpe anpil moun.


Lè sa a, gen fo Kris ak fo pwofèt k'ap parèt. Y'a fè mèvèy ak mirak pou twonpe ata moun Bondye chwazi yo, si yo ta kapab.


Lè sa a Jezi pran di yo: — Atansyon pou pèsonn pa twonpe nou.


Lè n'a tande lagè ap fèt toupre nou, ansanm ak nouvèl lagè k'ap fèt byen lwen, nou pa bezwen pè. Fòk bagay sa yo rive. Men, se p'ap ankò lafen an sa.


Mwen, se Papa mwen ki voye mwen. Men nou pa resevwa mwen. Epi, kite yon lòt moun vin nan pwòp non li, n'ap kouri resevwa li.


Se poutèt sa mwen di nou, n'ap mouri nan peche nou. Wi, nou gen pou n mouri nan peche nou si nou pa kwè mwen se moun mwen ye a.


Jezi di yo ankò: — Lè n'a leve Moun Bondye voye nan lachè a byen wo, n'a konnen se mwen menmm ki li menm. Lè sa a, n'a konnen mwen pa fè anyen pou kont mwen. Se sèlman sa Papa a moutre m mwen di.


Mezanmi, nou pa bezwen kwè tout moun k'ap di yo gen Lespri Bondye a. Men, se pou n sonde yo pou nou wè si lespri yo genyen an sòti nan Bondye vre. Paske, gen yon bann fo pwofèt ki gaye toupatou sou latè a.


跟着我们:

广告


广告