Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 13:10 - 1998 Haïtienne

10 Anvan sa, fòk yo anonse Bòn Nouvèl la bay tout nasyon yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

10 Anvan lafen an rive, fòk Levanjil la preche nan tout nasyon yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Men premyèman, fòk bòn nouvèl la preche a tout nasyon yo.

参见章节 复制




Mak 13:10
10 交叉引用  

Jou jijman an, moun lavil Niniv yo va leve kanpe, y'a fè kondannen moun alèkile yo. Paske yo menm, yo te tounen vin jwenn Bondye lè Jonas te fè yo konnen mesay li a. Men, isit la gen bagay ki pi konsekan pase Jonas.


Fòk yo gentan mache bay bòn nouvèl Peyi kote Bondye Wa a toupatou sou latè, pou tout moun ka tande mesay la. Se lè sa a atò lafen an va rive.


Epi li di yo: — Ale toupatou sou latè, anonse Bòn Nouvèl la bay tout moun.


Anvan m di nou lòt bagay, kite m di Bondye mèsi pou nou gremesi Jezikri. Paske, toupatou sou latè y'ap pale jan nou gen konfyans nan Bondye.


Men, m'ap mande: Eske Izrayèl pat tande mesay la? Men wi. Yo tande l byen pwòp. Paske, jan sa te ekri nan Liv la: Pawòl nan bouch yo gaye sou tout latè. Mesay yo bay la rive nan dènye bout latè.


Men, gen yon kondisyon pou sa: se pou nou rete fèm, byen anrasinen nan konfyans nou, san nou pa pèdi espwa nou genyen depi lè nou te tande bòn nouvèl la. Se bòn nouvèl sa a yo te anonse bay tout moun sou latè epi se li menm, mwen menm Pòl, m'ap sèvi.


Bon nouvèl la gaye nan mitan nou depi premye jou nou te tande pale favè Bondye a, depi lè yo te fè nou konnen sa li ye tout bon an. Bòn nouvèl sa a lakòz nou resevwa anpil benediksyon, menm jan li fè l toupatou sou latè.


Lè sa a, mwen wè yon lòt zanj ki t'ap vole byen wo nan syèl la. Li te gen yon bòn nouvèl pou l te bay tout moun ki rete sou latè, bòn nouvèl ki la pou tout tan an pou moun tout nasyon, tout ras, tout lang, tout peyi.


跟着我们:

广告


广告