— Koute yon parabòl. Vwala se te yon nonm ki te gen anpil tè. Li fè yon jaden rezen. Lè li fini, li leve kloti antoure jaden an. Li fouye yon basen pou kraze rezen. Li bati yon joupa bay moun k'ap siveye jaden an. Apre sa, li antann li ak kèk moun ba yo travay jaden an dimwatye. Lèfini li pati al nan vwayaj.