Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 12:3 - 1998 Haïtienne

3 Yo mete men sou domestik la, yo bat li byen bat, epi yo voye l tounen bay mèt jaden an san yo pa ba l anyen.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Men yo kenbe sèvitè a, yo bat li byen bat epi yo voye l tounen san yo pa ba l anyen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Konsa, yo te pran li, yo te bat li, e te voye li ale men vid.

参见章节 复制




Mak 12:3
29 交叉引用  

Mèt, yo pa janm rakonte ou sa m te fè lè Jezabèl t'ap touye pwofèt Senyè yo? Mwen kache san (100) pwofèt nan de gwòt, senkant nan chak gwòt, mwen ba yo manje, mwen ba yo bwè.


Lè larenn Jezabèl t'ap fè touye pwofèt Senyè yo, li menm Abdyas te sove san (100) ladan yo. Li te kache yo nan de gwòt, li te mete senkant nan chak gwòt. Lèfini, li ba yo manje, li ba yo bwè.


Eli reponn: — Senyè, Bondye ki gen tout pouvwa, mwen renmen ou anpil, mwen pa ka wè sa pèp Izrayèl la ap fè ou la. Li pa kenbe kontra li te pase avè ou la, li kraze lotèl ou yo, li touye tout pwofèt ou yo. Se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache touye m.


Eli reponn: — Senyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, mwen renmen ou anpil, mwen pa ka wè sa pèp Izrayèl la ap fè ou la. Li pa kenbe kontra li te pase avè ou la. Li kraze lotèl ou yo. Li touye tout pwofèt ou yo. Se mwen menm sèl ki rete. Men y'ap chache touye m.


Di yo mwen bay lòd pou yo mete l nan prizon, pou yo ba li renk pen ak dlo jouk m'a tounen sòti nan lagè a san danje ni malè.


Koze sa a te fè Asa fache anpil sou pwofèt la. Li fè yo fèmen l nan prizon. Se depi lè sa a Asa konmanse ap maltrete kèk moun nan pèp la.


Men, yo pase mesaje Bondye yo nan betiz, yo pa okipe sa Bondye te di yo, yo pase pwofèt yo anba rizib. Bout pou bout, Senyè a te vin sitèlman fache pat gen rechap pou yo ankò.


Men, yo rete konsa, yo vire do ba ou, yo fè wondonmon. Yo pran lalwa ou la, yo voye l jete dèyè do yo. Yo touye pwofèt ou te voye ak mesay pou ba yo avètisman pou yo te ka tounen vin jwenn ou. Se pa ti kras manke yo te manke ou dega!


Mwen te pini pitit nou yo, men sa pat sèvi anyen. Nou pat dakò pou m te korije nou! Tankou lyon ki fin wè mò, nou rale nepe nou yo, nou touye pwofèt nou yo.


Li fè yo bat Jeremi, lèfini li mete l nan sèp ki te bò gwo Pòtay Benjamen an nan Tanp Senyè a.


— Senyè a te fè ou prèt nan plas Jeojada pou veye sa k'ap pase nan Tanp lan. Se devwa ou pou ou pran tout moun fou k'ap pran pòz pwofèt yo pou mete yo nan chenn ak yon kolye fè nan kou yo.


— Nou p'ap koute pawòl w'ap di nou la a, atout ou pale nan non Senyè a.


Se konsa, yon fanm, moun peyi Kanaran ki t'ap viv nan zòn lan, vin jwenn li. Li pran rele: — Mèt, pitit wa David la, pitye pou mwen. Pitit fi m lan gen yon move lespri sou li k'ap fatige l anpil.


Lè sezon rekòt la rive, li voye yon domestik bò kote moun ki t'ap okipe jaden an pou li. Li te voye chache pòsyon pa l nan rekòt rezen an nan men yo.


Mèt jaden an voye yon dezyèm sèvitè kote yo ankò. Fwa sa a menm, se nan tèt ase yo bat li, epi yo vekse li byen vekse.


Kilès nan pwofèt yo zansèt nou yo pat pèsekite? Yo te touye tout pwofèt ki te fè konnen davans ki jan Sèvitè Bondye a te gen pou vini. Kounyeya, se Sèvitè Bondye a menm nou trayi, se li menm nou touye.


Se jwif yo ki te fè touye ni Jezi, Senyè a, ni pwofèt yo. Se yo menm tou ki te pèsekite m ansanm ak zanmi m yo. Yo pa sòti pou fè Bondye plezi. Yo fè lènmi ak tout moun.


跟着我们:

广告


广告