Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 12:2 - 1998 Haïtienne

2 Lè sezon rekòt la rive, li voye yon domestik bò kote moun ki t'ap okipe jaden an pou li. Li te voye chache pòsyon pa l nan rekòt rezen an nan men yo.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Lè sezon rekòt la rive, mèt jaden an voye yon sèvitè kote kiltivatè yo pou yo ba li pati pa l nan rekòlt la.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Nan lè rekòlt la, li te voye yon esklav li kote kiltivatè yo pou l ta kapab resevwa kèk nan pwodwi jaden an nan men a kiltivatè yo.

参见章节 复制




Mak 12:2
18 交叉引用  

Senyè a te voye mesaje ak pwofèt li yo avèti moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. Li te byen di yo: Manyè kite move chemen n'ap swiv la! Fè sa m mande nou fè. Kenbe lòd mwen yo jan sa ye nan lalwa mwen te bay zansèt nou yo, lalwa mwen te fè pwofèt yo, sèvitè m yo, moutre nou an.


Senyè a, Bondye zansèt yo a, pat manke voye pwofèt pou avèti pèp li a, paske li pat vle anyen rive ni pèp li a ni Tanp li a.


ou te ban nou pou nou swiv, lè pwofèt yo, sèvitè ou yo, te di nou nan non ou: Peyi kote nou pral antre a, peyi nou pral pran pou nou rete a, se yon peyi ki pèdi favè Bondye, paske moun k'ap viv ladan l yo ap fè yon bann bagay degoutan, vye bagay sal toupatou ladan l.


Li tankou yon pyebwa yo plante bò kannal dlo: Li donnen lè sezon l rive. Fèy li p'ap janm fennen. Tou sa l fè sòti byen.


Mwen pa janm sispann voye sèvitè m yo, pwofèt yo, vin di nou: Manyè kite move pant n'ap swiv yo. Manyè fè sa ki dwat! Pa kouri dèyè lòt bondye pou nou sèvi yo. Konsa, n'a rete nan peyi mwen te bay pou zansèt nou yo ansanm ak nou an. Men, nou pa koute m.


Mwen pat janm sispann voye sèvitè m yo, pwofèt yo, pou di yo manyè sispann fè vye bagay derespektan yo t'ap plede fè a, bagay mwen pa ka wè devan je m.


Ala malè pou mwen, mezanmi! Mwen tankou yon moun ki grangou nan mitan sezon rekòt epi ki pa jwenn yon ti fwi sou pyebwa, ni yon ti grenn rezen pou m mete nan bouch mwen. Tout rezen fin keyi. Tout bon fig frans fin tonbe.


Se menm mesay sa a Senyè a te voye pwofèt tan lontan yo vin di nou. Lè sa a, lavil Jerizalèm te plen moun, zafè yo t'ap mache byen. Te plen moun ap viv nan ti bouk ki toutotou lavil la, nan zòn Negèv la ak nan plenn sou bò solèy kouche a.


Lè sezon rekòt rezen an rive, li voye domestik li yo chache rezen pa l bò kote jeran yo.


Apre sa, Jezi pran rakonte yo yon parabòl. — Vwala se yon nonm ki te gen yon jaden rezen. Nonm lan leve lantouray klotire jaden an. Li fouye yon basen pou kraze rezen. Li bati yon kay bay moun k'ap veye jaden an. Apre sa, li antann li ak kèk moun pou okipe jaden an. Lèfini li pati l'al nan vwayaj.


Yo mete men sou domestik la, yo bat li byen bat, epi yo voye l tounen bay mèt jaden an san yo pa ba l anyen.


Men, yon domestik ki pa konn sa mèt li vle, lèfini k'ap fè bagay ki merite pou yo bat li, y'ap bay domestik sa a de twa kou sèlman. Moun yo bay anpil, y'ap mande l anpil tou. Moun yo mete reskonsab anpil bagay, y'ap egzije plis ankò nan men li.


Lè sezon rekòt la rive, li voye yon domestik kote moun ki t'ap pran swen jaden an pou li. Li te voye chache pòsyon pa l nan rekòt rezen an nan men yo. Men, kiltivatè yo bat domestik la byen bat, epi yo voye l tounen bay mèt jaden an san yo pa ba l anyen.


Nan tan lontan, Bondye te mete pawòl nan bouch pwofèt yo nan divès okazyon ak divès jan pou l te ka pale ak zansèt nou yo.


跟着我们:

广告


广告