Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 12:1 - 1998 Haïtienne

1 Apre sa, Jezi pran rakonte yo yon parabòl. — Vwala se yon nonm ki te gen yon jaden rezen. Nonm lan leve lantouray klotire jaden an. Li fouye yon basen pou kraze rezen. Li bati yon kay bay moun k'ap veye jaden an. Apre sa, li antann li ak kèk moun pou okipe jaden an. Lèfini li pati l'al nan vwayaj.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Jezi kòmanse pale ak pèp la an parabòl: “Yon nonm te plante yon jaden rezen. Li fè kloti li bare l, li fouye yon basen pou kraze rezen yo, li bati yon gerit pou gadyen yo. Li remèt li bay kèk moun jere l epi l pati an vwayaj.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Konsa, Li te kòmanse pale yo an parabòl: “Yon nonm te plante yon jaden rezen, te antoure l avèk yon miray, e te fouye yon basen anba pèz diven an. Li te bati yon kay gad byen wo, e li te lwe l a kiltivatè yo. Konsa, li te fè yon vwayaj nan yon lòt peyi.

参见章节 复制




Mak 12:1
38 交叉引用  

Jou sa a, kote ki gen mil pye rezen epi ki te vo mil pyès lajan va plen pikan ak raje.


Mwen te plante ou pou yon pye rezen bon kalite, ki soti nan bon bouti. Men koulyeya, gade jan ou chanje: Ou tounen yon vye pye rezen mawon, Mwen pa konn kote ou soti.


Lè sa a mwen di: — Aa! Senyè sèl Mèt mwen! Pa fè m di sa non! Moun deja ap plenyen se an daki ase m'ap pale!


Li t'ap rakonte yo kèk parabòl pou l te fè yo konprann anpil bagay. Li t'ap di yo konsa: — Ala, yon moun sòti pou l ale simen grenn nan jaden l.


— Sa nou konprann nan sa? Vwala se te yon nonm ki te gen de pitit gason. Li pale ak pi gran an, li di l: Pitit mwen, jòdi a al travay nan jaden rezen an.


— Koute yon parabòl. Vwala se te yon nonm ki te gen anpil tè. Li fè yon jaden rezen. Lè li fini, li leve kloti antoure jaden an. Li fouye yon basen pou kraze rezen. Li bati yon joupa bay moun k'ap siveye jaden an. Apre sa, li antann li ak kèk moun ba yo travay jaden an dimwatye. Lèfini li pati al nan vwayaj.


Lè sezon rekòt rezen an rive, li voye domestik li yo chache rezen pa l bò kote jeran yo.


— Vwala, se va tankou yon nonm ki ta pral pati pou yon vwayaj. Li rele domestik li yo, li mete yo reskonsab byen li yo.


Lè sa a yo reponn Jezi: — Nou pa konnen. Jezi di yo: — Enben, mwen menm tou, mwen p'ap di nou avèk ki otorite mwen fè bagay sa yo.


Se tankou lè yon nonm pati l'al nan vwayaj. Li kite kay li nan men domestik yo pou yo okipe l pou li. Li bay chak moun travay pa yo pou yo fè. Li bay gadyen pòt la lòd pou l pa dòmi.


Jezi rele yo, li di yo an parabòl: — Ki jan Satan fè ap chase Satan?


Li t'ap rakonte yo kèk parabòl pou l te moutre yo anpil bagay. Li di yo konsa:


Kèk jou apre, ti gason an ranmase tout afè l, li pati, l'ale nan yon peyi byen lwen. Antan li la, li lage kò l nan banbòch, li gaspiye tout lajan l.


Men sa l di yo: — Vwala, se te yon nonm gran fanmi ki te al nan yon peyi byen lwen. Li te al fè yo ba l otorite pou l wa, apre sa pou l te tounen lakay li ankò.


Yo mande li: — Ki bò ou ta vle nou pare li?


Li reponn yo: — Pou nou, yo fè nou konnen tout sekrè peyi kote Bondye Wa a. Men, pou lòt moun yo, yo ba yo l an parabòl. Konsa yo mèt gade, yo p'ap wè, yo mèt tande, yo p'ap konprann.


Se li menm ki te la ak pèp Izrayèl la lè yo te sanble nan gwo dezè a. Li te la avèk zansèt nou yo ansanm ak zanj Bondye a ki t'ap pale avè l sou gwo mòn Sinayi a. Se li menm ki te resevwa pawòl ki bay lavi a nan men Bondye epi ki pase yo ban nou.


跟着我们:

广告


广告