Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 10:6 - 1998 Haïtienne

6 Men, nan konmansman, lè Bondye t'ap kreye tout bagay, Bondye te fè gason ak fi.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Men lè Bondye te kreye lemonn, se pa yon gason ak yon fi l te kreye?

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Men depi kòmansman kreyasyon an, Bondye te fè yo mal ak femèl.

参见章节 复制




Mak 10:6
9 交叉引用  

Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a.


Bondye kreye moun: li fè l pòtre ak li. Li kreye yo gason ak fi.


Li kreye yo gason ak fi. Li beni yo. Jou li kreye yo a, li rele yo moun.


Paske jou sa a, n'a wè lafliksyon moun poko janm wè depi latè egzis. P'ap janm gen lòt lafliksyon tankou li konsa ankò.


Se vre wi. Depi Bondye te fin kreye tout bagay, tout moun ki egzaminen travay li yo ka konprann ki kalite moun Bondye ye, bagay nou pa ka wè ak je nou: ki vle di, jan li gen yon pouvwa ki p'ap janm fini, jan li se Bondye tout bon. Se sa k fè moun sa yo pa gen eskiz menm.


Y'a di: Kote pwomès li te fè nou an? Li pa te di li t'ap vini! Depi sou tan zansèt nou yo jouk jodi a, tout bagay rete menm jan an depi latè fin kreye.


Si papa yo osinon frè yo vin jwenn nou, nou menm chèf pèp la, pou pote plent, n'a di yo: Tanpri, kite yo pran yo, paske nou pat jwenn kont fanm pou yo lè nou te al goumen lavil Jabès la. Epitou, se pa nou menm ki te ba yo pitit fi nou yo pou madanm. Konsa, pèsonn p'ap ka di nou pat kenbe sèman nou.


跟着我们:

广告


广告