Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 10:5 - 1998 Haïtienne

5 Lè sa a, Jezi di yo: — Moyiz te ekri kòmandman sa a pou nou paske nou gen tèt di.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Jezi di yo: “Moyiz ekri lwa sa paske tèt nou di, nou refize aksepte ansèyman Bondye a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Men Jésus te di yo: “Akoz kè di nou, li te ekri nou kòmandman sa a.

参见章节 复制




Mak 10:5
8 交叉引用  

Men, yo rete konsa, yo vire do ba ou, yo fè wondonmon. Yo pran lalwa ou la, yo voye l jete dèyè do yo. Yo touye pwofèt ou te voye ak mesay pou ba yo avètisman pou yo te ka tounen vin jwenn ou. Se pa ti kras manke yo te manke ou dega!


Jezi reponn yo: — Se paske nou gen tèt di kifè Moyiz te ban nou dwa kite ak madanm nou. Men, nan konmansman se pat konsa.


— Ala moun gen tèt di! Tankou moun lòt nasyon yo, nou fèmen kè nou, nou fèmen zòrèy nou bay Bondye, n'ap kenbe tèt ak Sentespri toujou. Nou tankou zansèt nou yo.


Si yon nonm marye ak yon fanm epi rive yon lè fanm lan pa fè l plezi ankò, paske li dekouvri nan fanm lan yon bagay ki pa byen, l'a ekri yon papye divòs bay fanm lan, epi l''a voye l tounen lakay papa l.


Mwen konnen jan nou gen tèt di, jan nou pa vle koute. Si kounyeya, pandan mwen vivan ankò nan mitan nou an, nou te kenbe tèt ak Senyè a konsa, lè m'a mouri menm se va pi rèd.


Se pou nou konnen se pa paske nou merite anyen kifè Senyè a, Bondye nou an, ap ban nou bon peyi sa a pou rele nou pa nou. Non! Paske se yon pèp ki gen tèt di anpil nou ye.


跟着我们:

广告


广告