Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 1:8 - 1998 Haïtienne

8 Mwen menm, mwen batize nou nan dlo. Men li menm, l'a batize nou nan Sentespri a.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Mwen batize nou nan dlo, men li menm l ap batize nou nan Sentespri a.”

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Mwen batize nou avèk dlo, men Li va batize nou avèk Lespri Sen an.”

参见章节 复制




Mak 1:8
19 交叉引用  

Se pou n koute m lè m'ap rale zòrèy nou. M'ap di nou tou sa ki nan tèt mwen, m'ap fè nou konnen tou sa m konnen.


Men, Bondye gen pou l voye lespri li desann sou nou ankò. Dezè a va tounen yon bon venn tè. Jaden nou yo va bay bèl rekòt.


M'ap vide dlo sou tè sèk la. M'ap fè sous dlo koule nan dezè a. M'ap bay pitit nou yo pouvwa lespri mwen. M'ap voye benediksyon m sou pitit pitit nou yo.


Apre sa, m'a vide lespri mwen sou tout moun. Pitit gason ak pitit fi nou yo va bay mesay m'a ba yo. Granmoun nou yo va fè rèv. Jennmoun nou yo va gen vizyon.


Mwen menm, mwen batize nou nan dlo, pou fè wè nou tounen vin jwenn Bondye. Men, moun k'ap vin apre mwen an gen plis pouvwa anpil pase m. Mwen pa bon ase menm pou m ta wete sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife.


Li t'ap mache bay mesay sa a: — Moun k'ap vin apre m lan gen plis pouvwa anpil pase m. Mwen pa bon ase pou m ta bese demare sapat ki nan pye li.


Menm epòk sa a, Jezi te soti Nazarèt, yon bouk nan Galile. Jan batize li larivyè Jouden an.


Lè sa a, Jan di yo tout: — Mwen batize nou nan dlo. Men, gen yon moun ki gen pou vini ki gen plis pouvwa anpil pase mwen. Mwen menm, mwen pa bon ase pou m ta demare kòd sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife.


Jan reponn yo: — Mwen menm, mwen batize nou nan dlo. Men, nan mitan nou la a, gen yon moun nou pa konnen.


Lè sa a, mwen pa t'ankò konnen ki moun li ye. Men Bondye ki voye m' batize moun nan dlo a te di m': - Moun w'a wè Lespri desann vin rete sou li a, se li menm ki va batize moun nan Sentespri.


Jan te batize nou avèk dlo, men nou menm, nan kèk jou ankò, nou pral batize nan Sentespri.


Frè ki te sòti lavil Jope ansanm ak Pyè yo se jwif yo te ye. Yo te sezi wè ki jan Bondye te bay moun ki pa jwif yo Sentespri l an kantite.


Men sa k pral rive nan dènye tan an: Se Bondye menm k'ap pale: M'ap vide Lespri m sou tout moun sou latè. Pitit gason nou ak pitit fi nou yo va pale tankou pwofèt. Jenn gason nou yo va gen vizyon. Granmoun nou yo va fè rèv.


Yo tout te vin anba pouvwa Sentespri, epi yo pran pale lòt lang dapre jan Lespri Bondye a t'ap fè yo pale.


Se sa k fè, nou menm, kit nou jwif, kit nou pa jwif, kit nou esklav, kit nou pa esklav, nou tout nou te resevwa batèm pou n te ka fè yon sèl kò ansanm, pa pouvwa yon sèl Lespri a. Nou tout nou te bwè nan yon sèl Lespri a.


跟着我们:

广告


广告