Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 1:5 - 1998 Haïtienne

5 Tout moun zòn Jide ak lavil Jerizalèm te vin jwenn li. Jan batize yo larivyè Jouden pandan yo t'ap konfese peche yo avivwa.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Moun t ap soti nan tout rejyon Jide a ak nan tout Jerizalem pou vin tande Jan. Yo te konfese peche yo epi Jan te batize yo nan rivyè Jouden an.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Tout peyi Judée a t ap prale bò kote li avèk tout pèp Jérusalem lan. Konsa, yo t ap batize pa li menm nan larivyè Jourdain an. Yo t ap konfese peche yo.

参见章节 复制




Mak 1:5
15 交叉引用  

Lè sa a, mwen rekonèt peche m yo devan ou, mwen pat kache ou sa m te fè ki mal. Mwen di: M'ap rakonte Senyè a tout bagay. Apre sa, ou te padonnen tout peche m yo.


Moun k'ap kache peche p'ap janm wè zafè yo mache. Men, Bondye va gen pitye pou moun ki rekonèt peche yo, pou moun ki chanje lavi yo.


Yon bann moun t'ap swiv li. Yo te soti toupatou: te gen moun Galile, moun Dekapòl, moun Jerizalèm, moun Jide ak moun peyi lòt bò larivyè Jouden.


Se konsa Jan vin parèt vre. Li t'ap batize moun nan dezè a. Li t'ap preche yo batèm repantans pou prepare yo jwenn padon peche yo.


Jan te abiye ak po chamo epi yon sentiwon kwi nan ren li. Se krikèt ak siwomyèl mawon li t'ap manje pou viv.


Tout bagay sa yo t'ap pase Betani, lòt bò larivyè Jouden, kote Janbatis t'ap batize moun.


Jan Batis menm t'ap batize moun tou nan Enon, toupre Salim, paske te gen anpil dlo la. Anpil moun te vin jwenn li la pou l te batize yo.


Jan te tankou yon lanp yo limen ki klere byen bèl. Pou yon tan, nou te byen kontan pwofite limyè li a.


Anpil nan moun ki te kwè yo vini, yo kanpe devan tout moun, yo t'ap avwe tou sa yo te fè, yo t'ap rekonèt sa an piblik.


Pyè reponn yo: — Tounen vin jwenn Bondye, epi yonn apre lòt vin resevwa batèm nan non Jezikri, pou Bondye padonnen tout peche nou yo. Apre sa, n'a resevwa Sentespri, kado Bondye a.


Se pou nou konfese peche nou yo yonn bay lòt. Se pou yonn lapriyè pou lòt, pou nou kapab geri. Lè yon moun ap viv dwat devan Bondye, lapriyè moun sa a gen anpil pouvwa.


Jozye di Akan konsa: — Pitit mwen, fè lwanj Senyè a! Moutre ou gen respe pou Bondye pèp Izrayèl la! Kounyeya, di m kisa ou fè. Pa kache m anyen.


跟着我们:

广告


广告