Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 1:44 - 1998 Haïtienne

44 Li di l konsa: — Piga ou pale sa ak pèsonn. Men, al fè prèt la wè ki jan ou ye. Apre sa, w'a ofri sa Moyiz te bay lòd pou ofri a. Konsa w'a bay tout moun prèv ou geri.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

44 Li di l: “Pa di pèsonn sa m fè pou ou. Men al fè sakrifikatè a egzamine w, epi ofri sakrifis lalwa Moyiz la mande a. Konsa, tout moun va wè ou geri vre.”

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

44 Li te di li: “Fè atansyon pou pa di anyen a pèsòn; men ale montre ou menm a prèt la, e ofri li yon ofrann pou pirifikasyon ou, sa ke Moïse te kòmande a, kon yon temwayaj a yo menm.”

参见章节 复制




Mak 1:44
9 交叉引用  

Apre sa, Jezi di l: — Piga ou di pèsonn sa. Men, ale fè prèt yo wè ki jan ou ye. Apre sa, w'a ofri sa Moyiz te bay lòd ofri a. Konsa, w'a bay tout moun prèv ou geri.


Apre sa, Jezi voye l ale, li pase l lòd byen sevè.


Lè Jezi wè yo, li di: — Al fè prèt yo wè nou. Pandan yo taprale, yo geri.


Jezi pase l lòd sevè sa a: — Pa di pèsonn sa. Men, ale fè prèt la wè ki jan ou ye. Apre sa, w'a ofri sa Moyiz te bay lòd ofri a. Konsa w'a bay tout moun prèv ou geri.


Kòmandan an di l konsa: — Pa kite pèsonn konnen ou te vin di m sa. Epi li voye jenn gason an al fè wout li.


Se konsa, tou sa ki te ekri nan Liv la depi nan tan lontan, yo te ekri yo pou moutre nou anpil bagay, wi, pou bagay nou jwenn ekri nan Liv la ka ban nou pasyans ak ankourajman pou n ka mete tout espwa nou nan Bondye.


Tout bagay sa yo rive pou sa sèvi lòt yo egzanp. Yo ekri yo nan Liv la pou sa sèvi nou avètisman. Paske, pou nou menm k'ap viv kounyeya, pa rete lontan ankò anvan pou lafen an rive.


跟着我们:

广告


广告