Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 1:41 - 1998 Haïtienne

41 Kè Jezi fè l mal, li lonje men l, li manyen nonm lan, li di li: — Wi, mwen vle ou geri.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

41 Jezi te santi l endinye poutèt nonm nan. Li lonje men l epi li touche nonm nan. Li di: “Mwen vle. Geri!”

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

41 Kè Li te vin plen avèk konpasyon. Li te lonje men L, te touche li, e te di L: “Mwen vle. Vin pwòp”.

参见章节 复制




Mak 1:41
12 交叉引用  

Bondye di: Se pou limyè fèt. Epi limyè te fèt.


Paske, li pale, bagay la rive. Li bay lòd, tout bagay fèt.


Lè Jezi wè tout bann moun sa yo, kè l fè l mal pou yo paske li wè yo te bouke, yo te dekouraje, tankou yon bann mouton san gadò.


Yon nonm ki te gen lalèp vin jwenn Jezi. Li tonbe ajenou devan li, li mande l sekou. Li di l konsa: — Si ou vle, ou kapab geri mwen.


Menm lè a, lalèp la kite l, li geri, li te nan kondisyon pou fè sèvis Bondye.


Jezi leve, li pale byen fò ak van an, li di: — Pe la. Li di dlo a: — Rete trankil. Latou, van an tonbe epi vin gen yon gwo kalmi.


Li pran men li epi li di li: — Talita koum, - ki vle di: Tifi, mwen di ou leve.


Lè Jezi rive pou l debake sot nan kannòt la, li wè tout bann moun yo. Kè l fè l mal pou yo, paske yo te tankou yon bann mouton san gadò. Lamenm, li tanmen esplike yo anpil bagay.


Pitit sa a reflete limyè bèl pouvwa Bondye a, se bon pòtre Bondye li ye. Se li menm k'ap soutni tout bagay ak pouvwa pawòl li. Lè li fin delivre moun anba peche yo, li moute chita anwo nan syèl la, sou bò dwat Bondye, Gran Wa a.


Se konsa, li te fèt pou l te vin tankou frè l yo sou tout pwen, pou l te ka sèvi yo tankou yon granprèt ki gen anpil pitye pou yo, k'ap fè sèvis li byen devan Bondye, pou ofrann li fè a ka fè Bondye padonnen peche tout pèp la.


Granprèt nou an, se pa yon moun ki pa kapab soufri ak nou nan feblès nou. Okontrè, nou gen yon granprèt ki te pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou. Men, li pat janm fè okenn peche.


跟着我们:

广告


广告