Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 1:23 - 1998 Haïtienne

23 Lè sa a, yon nonm ki te gen yon move lespri sou li vin antre nan sinagòg la, li pran rele:

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

23 Menm lè sa a, te gen yon nonm ki te gen yon move lespri sou li, nan sinagòg la. Li te pran krye byen fò:

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Nan menm lè sa a, te gen yon mesye nan sinagòg la ki te gen yon move lespri. Li t ap rele fò

参见章节 复制




Mak 1:23
10 交叉引用  

— Lè yon move lespri sòti sou yon moun, l'al pwonmennen toupatou nan savann yo, l'ap chache yon kote pou l pran repo. Men, li pa jwenn.


Yo te sezi tande sa l t'ap moutre yo. Se pat menm jan avèk dirèktè lalwa yo, paske li te pale ak yo tankou yon moun ki otorize.


— Ey Jezi, moun Nazarèt, kisa nou gen avè ou? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen pwòp ki moun ou ye. Ou se moun Bondye chwazi a.


Apre sa, yo sòti kite sinagòg la, y'ale ansanm ak Jak ak Jan lakay Simon ak Andre.


Lè sa a, Jezi te geri anpil moun ki te soufri divès maladi. Li te chase anpil move lespri. Men, li pat kite move lespri yo pale, paske yo te konnen ki moun li te ye.


Se konsa li te ale toupatou nan peyi Galile, li t'ap mache bay mesay la nan sinagòg yo, li t'ap chase move lespri yo.


Jezi desann sòti nan kannòt la. Menm lè a, yon nonm sòti nan mitan tonm mò yo, li vin devan Jezi.


Se konsa te gen yon fanm ki te gen yon pitit fi l ak yon move lespri sou li. Li tande pale sou Jezi. Menm lè a, li kouri vin bò kote l, li lage kò l nan pye Jezi.


Lè Jezi wè foul la ap kouri vini, li pale byen sevè ak movèzespri a, li di li: — Lespri bèbè, lespri soudè, mwen kòmande ou: Soti sou tibway la touswit, pa janm tounen sou li ankò.


跟着我们:

广告


广告