Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 1:21 - 1998 Haïtienne

21 Apre sa, Jezi ale ak disip li yo nan yon lavil yo rele Kapènawòm. Jou repo a, Jezi antre nan sinagòg la. Li konmanse moutre moun yo anpil bagay.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Jezi ak disip li yo te ale lavil Kapènawòm. Konsa, lè pwochen jou repo a te rive, Jezi te ale nan reyinyon nan sinagòg la, epi li kòmanse anseye moun ki te la yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Yo te ale Capernaüm. Imedyatman nan Saba a, Li te antre nan sinagòg la pou l te kòmanse enstwi.

参见章节 复制




Mak 1:21
18 交叉引用  

Li kite Nazarèt, l'ale rete Kapènawòm, toupre lanmè Galile, sou tè moun Zabilon ak moun Neftali yo.


Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen.


Lamenm, Jezi rele yo. Yo kite Zebede, papa yo, nan kannòt la ansanm ak ouvriye yo. Y'ale avèk Jezi.


Apre sa, yo sòti kite sinagòg la, y'ale ansanm ak Jak ak Jan lakay Simon ak Andre.


Tout moun lavil la te sanble devan pòt kay la.


Se konsa li te ale toupatou nan peyi Galile, li t'ap mache bay mesay la nan sinagòg yo, li t'ap chase move lespri yo.


Jezi kite kote l te ye a. Lale nan rejyon Jide ki lòt bò larivyè Jouden an. La ankò, foul moun yo te sanble bò kote l. Li t'ap moutre yo anpil bagay, jan l te toujou konn fè a.


Apre kèk jou, Jezi pati Kapènawòm ankò. Pèp la vin aprann li te lakay li.


Apre sa, Jezi retounen sinagòg la ankò. Te gen yon nonm men pòk nan asanble a.


Lè jou saba a rive, li vini nan sinagòg la anseye anpil bagay. Moun ki t'ap koute li yo te sezi anpil, epi yo t'ap di nan kè yo: — Kote li aprann tout bagay sa yo? Kilès ki ba li tout konesans sa a? Kòman li fè fè tout kalite mirak sa yo?


Nou menm, moun lavil Kapènawòm: nou ta vle yo leve nou jouk nan syèl la. Enben y'ap bese nou desann jouk anba kote mò yo ye a.


Yon jou saba, Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay nan yo sinagòg la.


Jezi ale lavil Nazarèt kote l te grandi a. Jou repo a, li antre nan sinagòg la tankou l te toujou konn fè. Li leve kanpe pou l li pou yo.


Jezi di yo: — Koulyeya, nou pral di mwen: Zanmi! Bale devan pòt ou anvan ou bale devan pòt kanmarad. N'a di m' tou: nou tande tout sa ou te fè lavil Kapènawòm, fè yo isit la tou nan peyi pa ou la.


Jan li te konn fè a, Pòl antre nan sinagòg la. Li pale ak jwif yo sou sa ki ekri nan Liv yo pandan twa samdi yonn dèyè lòt.


Chak jou saba, Pòl te pran lapawòl nan sinagòg la, li t'ap chache pran tèt anpil jwif ak anpil moun peyi Lagrès. 19/9 Men anpil t'ap fè tèt di, yo te refize kwè. Yo t'ap pase mesaj Bondye a nan rizib devan tout moun. Lè Pòl wè sa, li wete kò li nan mitan yo, li pran disip Kris yo ak li. Chak jou, li t'ap preche nan lekòl Tiranis la.


跟着我们:

广告


广告