Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 1:14 - 1998 Haïtienne

14 Apre yo te fin mete Jan nan prizon, Jezi ale nan peyi Galile pou l te fè konnen Bòn Nouvèl Bondye voye a.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Apre yo fin mete Jan nan prizon, Jezi al Galile, li kòmanse preche Bòn Nouvèl Bondye a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Alò, apre Jean te fin arete, Jésus te vini Galilée. Li t ap preche Bòn Nouvèl Bondye a.

参见章节 复制




Mak 1:14
16 交叉引用  

Antan Jan Batis te nan prizon, te nan prizon an, li voye kèk patizan li mande Jezi:


Li di moun ki t'ap travay avè l yo: — Se Jan Batis wi! Se li ki leve vivan nan lanmò. Se poutèt sa li ka fè tout mirak sa yo.


Lè Jezi tande yo te mete Jan Batis nan prizon, li wete kò l, l'ale nan peyi Galile.


Depi lè sa a, Jezi konmanse ap mache bay mesay li a. Li t'ap di: — Tounen vin jwenn Bondye. Paske, Bondye ki wa nan syèl la ap vin pran pouvwa a nan men li.


Jezi t'ap mache toupatou nan peyi Galile a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap anonse Bon Nouvèl peyi kote Bondye wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite pèp la te ka genyen.


Jezi t'ap mache nan tout lavil yo ak tout ti bouk yo. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg yo. Li t'ap fè konnen Bòn Nouvèl Peyi kote Bondye Wa a. Li t'ap geri tout kalite maladi ak tout kalite enfimite.


Lè sa a, Ewòd mete ankò sou sa l te fè deja: li fè fèmen Jan nan prizon.


Apre sa, Jezi mache ale nan tout lavil yo ak nan tout bouk yo. Li t'ap mache bay mesay la, li t'ap anonse bòn nouvèl peyi kote Bondye Wa a. Douz disip yo te toujou avè li.


Mwen pase kèk tan nan mitan nou ap anonse Gouvènman Bondye ki wa a. Men, kounyeya, mwen konnen nou yonn p'ap janm wè m ankò.


Yo fikse l yon jou. Lè sa a, yo te anpil ki te vin jwenn li kote li te ye a. Depi nan maten jouk nan aswè, Pòl t'ap ba yo esplikasyon: li t'ap fè yo konnen gouvènman Bondye ki wa a. Li pran lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo, li t'ap chache fè yo rekonèt ki moun Jezi ye.


Se mwen menm Pòl, sèvitè Jezikri, yon nonm Bondye rele pou sèvi li apòt, yon nonm li mete apa pou anonse bòn nouvèl li a, k'ap ekri nou tout kretyen ki nan lavil Wòm.


Wi, Kris la te vini, li anonse bòn nouvèl k'ap mete lapè a ni pou moun lòt nasyon yo ki te lwen Bondye, ni pou jwif yo ki te toupre Bondye.


跟着我们:

广告


广告