Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 1:13 - 1998 Haïtienne

13 Li rete la pandan karant jou, epi se la satan vin ap teste li. Jezi t'ap viv nan mitan bèt bwa, epi zanj Bondye yo t'ap pran swen li.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

13 Li pase karant jou nan dezè a pandan Satan t ap tante l pou chache fè l tonbe nan peche. Pandan tan sa a, Jezi te nan mitan bèt sovaj yo epi se te anj Bondye yo ki t ap sèvi l.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

13 Konsa, Li te nan dezè a pou karant jou pandan Satan t ap tante Li. Li te avèk bèt sovaj yo, epi se zanj yo ki te okipe Li.

参见章节 复制




Mak 1:13
13 交叉引用  

Moyiz antre nan mitan nyaj la, li moute sou mòn lan. Moyiz pase karant jou ak karant nwit sou mòn lan.


Moyiz te rete la avèk Senyè a pandan karant jou karant nwit. Li pase tout jou sa yo san manje san bwè. Li te ekri tout pawòl kontra a sou wòch plat yo. Se te dis kòmandman yo.


Ou pa konnen mwen ta ka rele Papa m vin ede mwen. Menm lè a, li ta voye depase douz lame zanj ban mwen.


Apre sa, Lespri pouse Jezi al nan dezè a pou satan ka sonde li.


Jezi tounen sòti bò larivyè Jouden an. Li te anba pouvwa Sentespri. Se konsa Lespri mennen li nan dezè a.


Wi, apre karant jou karant nwit, Senyè a ban mwen de tablo wòch yo avèk kontra a ekri sou yo.


Apre sa, mwen lage kò m fas atè devan Senyè a. Tankou premye fwa a, mwen pase karant jou ak karant nwit, san manje, san bwè anyen. Tou sa, paske nou te fè sa ki mal devan Senyè a, nou pat fè l plezi, nou te fè l fache anpil.


Se konsa mwen lage kò m fas atè devan Senyè a, pandan karant jou ak karant nwit, paske Senyè a te di l'ap disparèt nou.


Tout moun fèt pou rekonèt jan sekrè relijyon nou an se yo gwo zafè. Li te parèt tankou yon moun. Lespri a fè nou wè jan li mache dwat devan Bondye. Epi tout zanj yo te wè l tou. Se li menm y'ap mache fè konnen nan tout nasyon. Se nan li moun toupatou mete konfyans yo. Apre sa, yo resevwa l nan syèl la.


Granprèt nou an, se pa yon moun ki pa kapab soufri ak nou nan feblès nou. Okontrè, nou gen yon granprèt ki te pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou. Men, li pat janm fè okenn peche.


跟着我们:

广告


广告