Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Mak 1:11 - 1998 Haïtienne

11 Li tande yon vwa ki sòti nan syèl la ki di: — Ou se pitit mwen renmen anpil la. Ou fè kè m kontan anpil.

参见章节 复制

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Epi yon vwa nan syèl la di: “Ou se Pitit mwen renmen anpil la; Ou fè kè m kontan anpil.”

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Yon vwa te sòti nan syèl la: “Ou menm se Fis byeneme Mwen an; nan Ou menm, Mwen byen kontan.”

参见章节 复制




Mak 1:11
19 交叉引用  

Wa a di: — M'ap fè nou konnen sa Senyè a deside. Li di mwen: Ou se pitit mwen. Depi jòdi a, se mwen ki papa ou.


Senyè a di: — Men sèvitè m'ap soutni an! Men moun mwen chwazi a, moun ki fè m plezi anpil la! Mwen mete lespri m sou li. Li pral fè tout nasyon yo konnen sa ki rele jistis.


Bondye pale, li di konsa: Men sèvitè m lan, se mwen menm ki chwazi li. Men moun mwen renmen anpil la. Li fè kè m kontan anpil. M'a mete Lespri m sou li, l'a fè tout nasyon yo konnen jijman mwen.


Antan Pyè t'ap pale toujou, yon nyaj byen klere vin kouvri yo. Yo tande yon vwa sòti nan nyaj la, li di: — Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m kontan anpil. Koute li.


Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: — Sa a se pitit mwen, m' renmen li anpil. Li ban m' anpil anpil kè kontan.


Se konsa, soti Jezi soti nan dlo a, li wè syèl la louvri, epi Lespri desann sou li sou fòm yon pijon.


Yon nyaj vin kouvri yo, epi yon vwa moun sòti nan nyaj la, li di: — Sa se pitit mwen renmen anpil la. Koute li.


Sentespri a desann sou li sou fòm yon pijon. Yon vwa soti nan syèl la, li di: — Ou se pitit mwen renmen anpil la, ou fè kè m' kontan anpil.


Lè sa a, yo tande yon vwa ki sòti nan nyaj la ki di: — Moun sa a se pitit mwen, moun mwen chwazi a. Koute li!


Jan di yo ankò: — Mwen wè sa ak je m, se sa ki fè mwen di nou se li ki Pitit Bondye a vre.


Bondye sitèlman renmen lèzòm, li bay sèl pitit li a pou yo. Konsa, moun ki mete konfyans yo nan li, yo p'ap peri. Okontrè, y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.


Papa ki voye m lan, li menm tou l'ap pale an favè mwen. Nou pa janm tande vwa l, ni nou pa janm wè figi li.


Kounyeya nou kwè, nou konnen se ou menm ki moun Bondye chwazi a.


Men, dapre Sentespri ki fè nou viv pou Bondye, li te fè nou wè avèk pouvwa se Pitit Bondye a li ye, lè l te leve sòti vivan nan lanmò.


Li rache nou anba pouvwa fènwa a, li fè nou antre nan peyi kote Pitit li renmen anpil la wa.


跟着我们:

广告


广告