Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 9:9 - 1998 Haïtienne

9 Atò pou m pa ta pini yo pou tout bagay sa yo? Atò pou m pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se Senyè a menm ki di sa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Èske mwen p ap pini yo pou bagay sa yo?” deklare SENYÈ a. “Sou yon nasyon konsa, èske Mwen p ap pran vanjans?

参见章节 复制




Jeremi 9:9
12 交叉引用  

Se poutèt sa, koulyeya, koute sa Senyè Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki gen fòs kouraj la ap di: - M'ap konbat advèsè mwen yo. M'ap tire revanj sou lènmi mwen yo.


Kisa n'a fè lè Bondye va fè malè sòti byen lwen vin tonbe sou nou? Kay ki moun n'a kouri al chache sekou ak pwoteksyon? Ki kote n aval kache tout richès nou yo?


Nou pran kèk gwo wòch galèt nan ravin yo sèvi nou Bondye. Se yo ki tout nou. Nou fè ofrann grenn jaden ak ofrann diven pou yo vide sou yo. Nou konprann bagay konsa ka fè m plezi!


Yo fè l tounen yon savann. Men, li la devan je m. Li fini, san anyen ladan l. Tout peyi a tounen yon dezè, san pèsonn pa di anyen.


Kilè n'a sispann wè tè a sèk? Kilè n'a sispann wè zèb nan jaden yo ap fennen? Zannimo yo ap mouri, zwazo yo ap depafini. Tou sa, akòz mechanste pèp la k'ap plede di Bondye pa wè sa n'ap fè.


Mwen gade, m pa wè yon moun. Tout zwazo yo met deyò.


Atò, pou m pa ta pini yo pou sa? Pou m pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.


Atò, pou m pa ta pini yo pou sa? Pou m pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se mwen menm Senyè a ki di sa


Se poutèt sa, peyi a pral nan lapenn. Tout moun nan peyi a pral deperi. Tout zannimo nan savann, tout zwazo k'ap vole nan syèl, tout pwason nan lanmè pral mouri.


Senyè, m'ap rele nan pye ou! paske chechrès la fini ak jaden zèb yo. Ou ta di se dife ki boule tout pyebwa yo!


Nou menm, moun pèp Izrayèl, koute chante m'ap chante nan lapenn mwen gen pou nou:


Pèp Izrayèl la tankou yon jenn fi. Li tonbe. Li p'ap janm leve ankò. Men li kouche atè a. Pa gen pèsonn pou ba l men.


跟着我们:

广告


广告