Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 9:8 - 1998 Haïtienne

8 Lang yo tankou ponya wouye. Se manti ase ki nan bouch yo. Lè y'ap pale ak zanmi yo, se bèl pawòl ase ki nan bouch yo. Men nan kè yo, se pèlen y'ap pare pou yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Lang pa yo se yon flèch mòtèl; li pale manti. Avèk bouch li, li pale lapè ak vwazen li, men anndan li fè plan anbiskad pou pran l.

参见章节 复制




Jeremi 9:8
21 交叉引用  

Lè Abnè rive Ebwon, Jowab mennen li apa bò pòtay lavil la tankou si li te vle pale apa ak li. Epi li ponyade li nan vant. Se konsa Jowab touye Abnè paske Abnè te touye Azayèl frè li a.


(3) Yonn ap bay lòt manti. Yonn ap flate lòt, yonn ap twonpe lòt.


(4) Senyè, fèmen bouch bann flatè sa yo, bann moun sa yo k'ap vante tèt yo.


Ipokrit, kisa ou merite Bondye fè ou? Kisa pou li fè ou pi plis pase sa?


Pa mete m nan menm sak ak mechan yo, ak moun k'ap fè sa ki mal, ak moun ki gen bèl pawòl nan bouch yo men ki gen mechanste plen kè yo.


Yo pale tankou moun k'ap chache kont. Y'ap kalkile tout kalite manti pou yo fè sou moun ki pa nan kont ak pèsonn nan peyi a.


(22) Pawòl nan bouch yo pi dous pase siwo. Men, nan fon kè yo se yon sèl bagay yo konnen: se goumen. Pawòl yo koule dous tankou lwil, men lang yo se razwa.


(5) Mwen kouche nan mitan yon bann lyon ki prèt pou devore mwen. Dan yo pwenti tankou flèch, tankou frenn, lang yo tankou yon ponya byen file.


(6) Wi, se sou Bondye ase pou m konte. Se nan li mwen mete tout espwa mwen.


(9) Se lang yo k'ap bat yo. Tout moun ki wè yo ap pase yo nan betiz.


Yon moun k'ap mache bay manti sou moun, se tankou yon makak chaplèt, yon nepe, yon flèch byen pwenti. Li ka touye ou.


Gen yon bann mechan k'ap viv nan mitan pèp mwen an. Y'ap veye konsa tankou moun k'ap tann kabann pou zwazo. Yo mete pèlen pou pran moun.


Atò, pou m pa ta pini yo pou sa? Pou m pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se mwen menm Senyè a ki di sa


Yo toujou pare pou bay manti. Se metye yo sa. Se sa ki penmèt yo rive vin chèf nan peyi a. Y'ap fè dezaksyon sou dezaksyon. Yo pa konnen m ankò. Se Senyè a menm ki di sa.


Se pou tout moun veye kò yo ak zanmi yo. Pèsonn pa ka fè frè yo konfyans. Paske tout frè vle pase devan pwòp frè yo. Tout moun ap bay zanmi yo kout lang.


Yo tout ap woule zanmi yo. Pèsonn pa di laverite. Y'ap file lang yo pou bay manti. Y'ap touye tèt yo nan fè mechanste.


Moun rich nan lavil la ap peze pòv malere yo. Yo tout se yon bann mantò: Bonjou yo pa laverite!


跟着我们:

广告


广告