Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 9:5 - 1998 Haïtienne

5 Yo tout ap woule zanmi yo. Pèsonn pa di laverite. Y'ap file lang yo pou bay manti. Y'ap touye tèt yo nan fè mechanste.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Yo tout pase vwazen parèy yo nan rizib. Yo refize pale verite. Yo fin enstwi pwòp lang yo pou pale manti; yo vin fatige nèt nan fè inikite.

参见章节 复制




Jeremi 9:5
32 交叉引用  

Lèfini, yo vegle tout mesye ki te devan pòt kay la, depi pi piti a jouk pi gran an. Se konsa mesye yo t'ap vire tounen adwat agòch, yo pat kapab jwenn kote pòt kay la te ye.


Pa konprann pale anpil ou a ka enpoze moun louvri bouch yo reponn ou. Paske w'ap pase moun nan betiz la, atò yo pa ka fè ou wont?


Se koupab ou koupab ki fè ou pale konsa. Ou pale tankou moun k'ap kache yon bagay.


(4) Lang yo se razwa. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik.


Lang nou cho pou pale moun mal. Depi nou louvri bouch nou, se manti n'ap bay.


(5) Ou pito fè mal pase pou ou fè byen. Ou pito bay manti pase ou di verite.


(4) Lang yo file tankou razwa. Pawòl ki sòti nan bouch yo se pwazon.


(15) Gade jan mechan an gen move lide nan kè li! L'ap fè plan pou fè moun mal. L'ap plede bay manti.


Yon nonm serye p'ap janm mete nan tèt li pou l fè ou lenjistis. Men, mechan yo ap toujou chache twonpe ou.


Mechan yo p'ap dòmi toutotan yo pa fè sa ki mal. Dòmi pa ka pran yo si yo pa rive fè sa yo vle fè a.


Madichon pou nou! Nou sitèlman renmen mechanste n'ap fè a, n'ap trennen li dèyè nou kote nou pase. Peche nou yo te mèt lou, n'ap rale yo dèyè nou tankou moun k'ap rale kabwèt!


Nou fatige kò nou ap vwayaje, men nou pa janm kite! Nou mete nan tèt nou zidòl yo ap ban nou fòs pou nou pa janm bouke.


Yo plante ble, yo rekòlte pikan. Yo travay di, sa pa rapòte yo anyen. Yo wont, rekòt la pa bay anyen paske Senyè a move anpil.


Ata frè ou yo, pwòp fanmi ou yo, ap trayi ou. Yo mete tèt yo ansanm ak lòt moun sou do ou. Pa fè yo konfyans, menm lè ou wè yo ap pale byen avè ou.


Eske moun etyopi ka rive chanje koulè po yo? Eske leyopa ka rive efase takte ki sou po li? Konsa tou, nou pa ka fè sa ki byen, nou menm ki pran labitid fè sa ki mal.


Senyè a di konsa: Pèp mwen an sòt! Yo pa konnen m! Se yon bann timoun, lespri yo bouche! Yo pa konprann anyen! Yo fò nan fè sa ki mal ase. Yo pa konn fè sa ki byen.


Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di ankò: — Yo kraze gwo miray lavil Babilòn lan ratè. Yo boule gwo pòtay byen wo li yo. Pèp yo te travay pou gremesi. Tou sa yo te bat kò yo fè a tounen sann dife.


Apre sa, w'a di: Se konsa lavil Babilòn lan pral koule, li p'ap janm ka leve ankò apre malè mwen menm Senyè a, mwen pral voye sou li a. Se isit la pawòl pwofèt Jeremi yo fini.


W'a di yo: se yon nasyon ki pa koute sa Senyè a ap di yo yo ye. Malgre Bondye pini yo, yo pa chanje. Pèsonn pa kenbe pawòl yo ak li. Yo pa pale sou sa menm ankò.


Yo toujou pare pou bay manti. Se metye yo sa. Se sa ki penmèt yo rive vin chèf nan peyi a. Y'ap fè dezaksyon sou dezaksyon. Yo pa konnen m ankò. Se Senyè a menm ki di sa.


Lang yo tankou ponya wouye. Se manti ase ki nan bouch yo. Lè y'ap pale ak zanmi yo, se bèl pawòl ase ki nan bouch yo. Men nan kè yo, se pèlen y'ap pare pou yo.


Ala traka pou wete lawouj la! Atousa, lawouj la p'ap fin sòti nèt nan dife a.


Moun rich nan lavil la ap peze pòv malere yo. Yo tout se yon bann mantò: Bonjou yo pa laverite!


Senyè a di: Ooo! Pèp mwen! Kisa mwen fè nou kifè nou bouke avè m konsa? Reponn mwen non!


Travay pèp yo ap fè a pral boule nan dife. Se pou gremesi nasyon yo ap fatige kò yo travay di. Se Senyè a menm k'ap fè sa rive konsa.


Eske se pa yon sèl papa a nou tout nou genyen? Eske se pa yon sèl Bondye ki fè nou tou? Poukisa atò nou pa kenbe pwomès nou yonn ak lòt? Poukisa nou meprize kontra Bondye te fè ak zansèt nou yo?


Se poutèt sa, sispann bay manti. Se pou nou di verite lè n'ap pale ak frè nou, paske nou tout se manm yon sèl kò nou ye.


Y'ap kite yon bann moun ipokrit fè yo pèdi tèt yo ak manti. Konsyans moun sa yo fini, ou ta di yo boule ak yon fè cho.


Tout jenerasyon moun Jozye yo te fin mouri tou, yo te al jwenn zansèt yo anba tè. Apre yo, te vin gen yon lòt jenerasyon moun ki te bliye ni Senyè a ni sa li te fè pou pèp Izrayèl la.


跟着我们:

广告


广告