Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 9:4 - 1998 Haïtienne

4 Se pou tout moun veye kò yo ak zanmi yo. Pèsonn pa ka fè frè yo konfyans. Paske tout frè vle pase devan pwòp frè yo. Tout moun ap bay zanmi yo kout lang.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 “Fòk chak byen veye kont vwazen li, pou l pa mete konfyans nan okenn frè; akoz tout frè yo aji nan koken, e tout vwazen yo ap voye kout lang.

参见章节 复制




Jeremi 9:4
28 交叉引用  

Nonm lan di l: — Yo p'ap rele ou Jakòb ankò. Y'ap rele ou Izrayèl, paske ou goumen ak Bondye, ou goumen ak moun, se ou menm ki genyen batay la.


M'ap disparèt tout moun k'ap pale zanmi yo mal an kachèt. Mwen p'ap tolere moun k'ap fè grandizè, moun k'ap pran pòz gwokolèt yo sou moun.


ki pa nan bay moun kout lang. Se moun ki p'ap fè zanmi l yo anyen ki mal, ki p'ap mache fè tripotay sou vwazinay.


Moun ki rayi moun nan kè yo, se moun ou pa ka fye. Tout moun k'ap mache fè tripotay se moun san kouprann.


Yon moun k'ap mache bay manti sou moun, se tankou yon makak chaplèt, yon nepe, yon flèch byen pwenti. Li ka touye ou.


Mechan yo p'ap dòmi toutotan yo pa fè sa ki mal. Dòmi pa ka pran yo si yo pa rive fè sa yo vle fè a.


Se nan fè mechanste yo jwenn manje pou yo manje. Se nan fè moun mal yo jwenn diven pou yo bwè.


Gen sis bagay Senyè a pa vle wè. Sa m'ap di la a: Gen menm sèt bagay li pa ka sipòte:


se fo temwen k'ap bay manti sou moun, se moun k'ap mete frè ak zanmi dozado.


Nou te vire do bay Senyè a, nou voye l jete. Nou derefize koute l. Nou tòde men frè parèy nou, nou revòlte kont Bondye. Se move lide ase nou te gen nan kè nou. Se manti ase nou t'ap kalkile nan tèt nou.


Moun k'ap dirije pèp la fè l pèdi chemen l. Pèp la lage kò l nan bwa.


Ata frè ou yo, pwòp fanmi ou yo, ap trayi ou. Yo mete tèt yo ansanm ak lòt moun sou do ou. Pa fè yo konfyans, menm lè ou wè yo ap pale byen avè ou.


Se yon bann move moun ki pa sòti pou yo chanje. Y'ap mache pale moun mal. Tèt yo di tankou wòch ak fè. Se yon bann lwijanboje.


Lang yo tankou ponya wouye. Se manti ase ki nan bouch yo. Lè y'ap pale ak zanmi yo, se bèl pawòl ase ki nan bouch yo. Men nan kè yo, se pèlen y'ap pare pou yo.


Plen moun nan mitan ou k'ap mache denonse moun, k'ap bay manti sou moun pou fè touye yo. Gen lòt k'ap manje nan manje yo ofri bay zidòl yo. Gen lòt menm, se pran plezi yo nèt ale nan tout kalite dezòd.


Pa nou fè kouri fo bri sou moun menm ras ak nou. Piga nou kanpe pou fè touye moun menm ras ak nou san rezon. Se mwen menm ki Senyè a.


Eske se pa yon sèl papa a nou tout nou genyen? Eske se pa yon sèl Bondye ki fè nou tou? Poukisa atò nou pa kenbe pwomès nou yonn ak lòt? Poukisa nou meprize kontra Bondye te fè ak zansèt nou yo?


Pran prekosyon nou ak tout moun. Paske y'a trennen nou devan tribinal, y'a bat nou ak kout fwèt nan sinagòg yo.


— Frè va denonse frè pou fè touye li. Papa va denonse pitit. Pitit va leve kont papa ak manman pou fè touye yo.


Lè sa a, se papa nou ak manman nou, frè nou, pwòp fanmi nou ak bon zanmi nou ki va denonse nou, y'ap fè touye anpil nan nou.


Nan bagay sa a, okenn gason pa dwe aji kont enterè frè li, ni fè li lenjistis. Mwen deja ban nou kont avètisman sou sa: Senyè a ap pini moun ki aji konsa.


跟着我们:

广告


广告