Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 9:3 - 1998 Haïtienne

3 Yo toujou pare pou bay manti. Se metye yo sa. Se sa ki penmèt yo rive vin chèf nan peyi a. Y'ap fè dezaksyon sou dezaksyon. Yo pa konnen m ankò. Se Senyè a menm ki di sa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 “Yo koube lang yo konsi se banza pou tire ak fo prensip. Yo fò nan peyi a, men pa pou verite a. Yo kite yon kalite mal pou antre nan yon lòt, e yo pa rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a.

参见章节 复制




Jeremi 9:3
43 交叉引用  

Madanm lan kite rad la bò kote li. Li tann patwon Jozèf retounen nan kay la.


Yon nonm serye p'ap janm mete nan tèt li pou l fè ou lenjistis. Men, mechan yo ap toujou chache twonpe ou.


Bèf ki bèf konnen mèt li. Bourik ki bourik konnen kote mèt li konn lonje li. Men pèp Izrayèl pa konnen mwen. Pèp mwen an pa pyès diferans.


Tout moun pral chache pwofite yonn sou lòt, zanmi sou zanmi, vwazen sou vwazen. Jennmoun p'ap respekte granmoun. Vakabon ap pase moun debyen nan betiz.


Mwen di: — Nanpwen sove pou mwen! Jòdi a m'ap mouri vre! Paske tout pawòl ki sòti nan bouch mwen se move pawòl. Epi m'ap viv nan mitan yon pèp ki pa janm gen bon pawòl nan bouch li. Lèfini, mwen wè Wa a, Senyè ki gen tout pouvwa a, avèk pwòp je m.


Mechanste gaye nan mitan pèp la tankou dife nan pikan ak nan raje. Dife a pran nan rakbwa yo, yo tounen lafimen k'ap moute nan sèl la.


Ata frè ou yo, pwòp fanmi ou yo, ap trayi ou. Yo mete tèt yo ansanm ak lòt moun sou do ou. Pa fè yo konfyans, menm lè ou wè yo ap pale byen avè ou.


Li te defann kòz pòv malere yo. Tout bagay te mache byen pou li. Se sa ki rele konnen Senyè a.


Pèsonn p'ap bezwen moutre lòt moun nan peyi a kouman pou yo chache konnen Senyè a, paske yo tout ap konnen m, depi sa ki pi piti a jouk sa ki pi gran an. Se mwen menm Senyè a ki di sa. M'a padonnen sa yo fè ki mal, mwen p'ap chonje peche yo ankò. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Senyè a di konsa: Pèp mwen an sòt! Yo pa konnen m! Se yon bann timoun, lespri yo bouche! Yo pa konprann anyen! Yo fò nan fè sa ki mal ase. Yo pa konn fè sa ki byen.


Mwen di nan kè mwen: Se yon bann bègwè ki pa konprann anyen. Yo aji kou moun fou. Paske yo pa konnen ni sa Senyè a mande yo fè, ni sa Bondye vle yo fè.


Mwen pral jwenn grannèg yo, m'a pale ak yo. Sèten, yo menm yo konnen ni sa Senyè a mande yo fè, ni sa Bondye yo a vle yo fè. Men, pa gen yonn ladan yo ki rekonèt otorite Bondye ankò. Yo tout ap fè sa yo pito.


Se yon bann move moun ki pa sòti pou yo chanje. Y'ap mache pale moun mal. Tèt yo di tankou wòch ak fè. Se yon bann lwijanboje.


Men, pèsonn pa koute yo, tout moun bouche zòrèy yo. Nou fè tèt di, nou fè pi mal pase zansèt nou yo.


Yo tout ap woule zanmi yo. Pèsonn pa di laverite. Y'ap file lang yo pou bay manti. Y'ap touye tèt yo nan fè mechanste.


Lang yo tankou ponya wouye. Se manti ase ki nan bouch yo. Lè y'ap pale ak zanmi yo, se bèl pawòl ase ki nan bouch yo. Men nan kè yo, se pèlen y'ap pare pou yo.


Apre sa, Senyè a di m ankò: — Ou gen pou wè yo ap fè bagay ki pi derespektan toujou.


Apre sa, de wa yo pral chita manje ansanm sou menm tab, men tou de pral gen move lide dèyè tèt yo, yonn ap bay lòt manti. Yo yonn yo p'ap jwenn sa yo bezwen an, paske lè a p'ap kò rive.


Piga nou pran sa ki pa pou nou. Piga nou yonn twonpe lòt. Piga nou bay frè parèy nou manti.


Si yon moun wont di se moun mwen li ye, si li wont pale pawòl mwen nan mitan bann moun alèkile yo ki vire do bay Bondye pou viv nan peche, enben, mwen menm tou, Moun Bondye voye nan lachè a, lè m'a tounen avèk zanj Bondye yo nan tout bèl pouvwa Papa m lan, m'a wont pran li pou moun pa m tou.


Lavi etènèl, se konnen ou, ou menm sèl Bondye tout bon an, se konnen Jezikri, moun ou voye a.


Tout jwif yo te dakò avèk li, yo t'ap di se konsa bagay la te ye vre.


Mwen pa wont levanjil la. Li se yon pisans Bondye ki la pou delivre tout moun ki kwè: jwif yo anpremye, epi moun lòt nasyon yo apre sa.


Yo refize bay Bondye premye plas nan kè yo. Bondye tou kite yo tonbe anba pouvwa lespri yo ki fin deraye pou yo fè bagay yo pat dwe fè.


Bouch yo ou ta di yon kavo ki louvri. Se twonpe y'ap twonpe moun ase ak lang yo. Pawòl nan bouch yo se pwazon, ou ta di venen sèpan aspik.


Reprann bon sans nou. Sispann fè peche. M'ap di nou sa pou m fè nou manyè wont, paske gen anpil nan nou ki pa konn Bondye menm.


Pa kite okenn lènmi kraponnen nou. Se pou tout bagay sa yo sèvi tankou yon prèv pou fè lènmi yo wè se pèdi y'ap pèdi tèt yo. Men, pou nou menm, yo fè wè se delivre n'ap delivre. Sa se travay Bondye.


Men, mechan k'ap fè bagay pou twonpe moun yo pral pi lwen toujou nan mechanste yo, yo toujou ap twonpe moun, y'ap kite moun twonpe pwòp tèt yo tou.


Zanmi m yo, mwen pat manke anvi ekri nou pou m te pale nou sou jan Bondye delivre nou tout ansanm lan. Men, m blije ekri nou kounyeya pou mwen kapab ankouraje nou, pou nou pran defans lafwa Bondye te bay yon sèl fwa pou tout tan an, pou tout moun pa l yo.


Frè nou yo goumen ak li jouk yo gen batay la, gremesi san ti Mouton an ki te koule ak verite yo t'ap pibliye a: yo pat renmen lavi yo jouk pou yo ta pè lanmò.


Pandan tout sèt jou fèt nòs la, li pat sispann kriye nan zòrèy Samson. Sou setyèm jou a, Samson ba li sekrè kont la paske fanm lan t'ap anbete l twòp. Lèfini fanm lan sòti al di ras li yo sa kont lan vle di.


Tout jenerasyon moun Jozye yo te fin mouri tou, yo te al jwenn zansèt yo anba tè. Apre yo, te vin gen yon lòt jenerasyon moun ki te bliye ni Senyè a ni sa li te fè pou pèp Izrayèl la.


Pitit gason Eli yo te yon bann jenn pèvèti. Yo pa te nan koze Bondye ak moun,


跟着我们:

广告


广告