Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 9:16 - 1998 Haïtienne

16 Mwen pral gaye yo nan mitan yon bann nasyon ni yo menm ni zansèt yo pat janm konnen. Mwen pral voye lènmi fè yo lagè jouk mwen fin touye yo nèt.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Mwen va gaye yo pami nasyon, ke ni yo menm, ni papa zansèt yo pa t janm konnen. Mwen va voye nepe pou swiv yo jiskaske yo vin detwi nèt.”

参见章节 复制




Jeremi 9:16
29 交叉引用  

Koulyeya, chonje pawòl ou te bay Moyiz, sèvitè ou la, lòd ki di nou: Si nou menm, moun Izrayèl, nou pa kenbe pawòl mwen yo, m'ap gaye nou nan mitan tout lòt nasyon yo sou latè.


L'ap gaye tout pitit pitit yo nan mitan lòt nasyon yo, l'ap kite yo mouri toupatou nan peyi etranje.


W'ap pè moute sou bagay ki twò wo pou ou pa gen tèt vire. Menm mache nan granchemen ap yon danje pou ou. Tout cheve nan tèt ou ap vin blan, w'ap pèdi fòs kouray ou. Pa gen anyen ki ka fè l tounen ankò. W'ap desann nan dènye kay kote ou pral rete pou tou tan an. Lè sa a, moun ap mache rele nan tout lari.


Mwen menm, Senyè a, mwen pral gaye yo tankou pay van ap gaye nan savann.


Mwen pral voye lagè, grangou ak move maladi sou yo jouk p'ap gen yonn k'ap rete nan peyi mwen te ba yo a, peyi mwen te bay zansèt yo a.


Apre sa, Senyè a di m konsa: W'a di yo men lòd Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la bay. Se pou yo bwè pou yo sou, jouk yo vonmi. Y'a tonbe, yo p'ap ka leve lè y'a wè lagè m'ap voye sou yo a.


Wi. Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: Mwen pral voye lagè, grangou ak move maladi sou yo. M'ap fè yo tounen tankou vye fig pouri moun pa ka manje.


M'ap veye pou se malè ase ki pou rive nou. Mwen p'ap voye okenn bon bagay ban nou. Wi, dènye moun Jida k'ap viv nan peyi Lejip la pral disparèt, kit se nan lagè, kit se nan grangou, jouk p'ap rete yonn ankò.


Nou menm moun lavil Jerizalèm, koupe tout cheve nan tèt nou voye jete. Moute sou tèt mòn yo, pou nou chante plenn sò nou, paske Senyè a pa vle wè moun ki fè l fache. Li vire do ba yo, li voye yo jete.


Koute jan pèp mwen an ap rele mande sekou toupatou nan peyi a. Gen lè Senyè a pa sou mòn Siyon an ankò? Gen lè wa Siyon an pa la ankò? Senyè a reponn: — Poukisa nou fè m fache konsa? N'ap sèvi zidòl, n'ap fè sèvis pou bondye lòt nasyon yo ki pa vo anyen.


Se poutèt sa, men sa mwen menm, Senyè a, Bondye sèl Mèt la, m'ap di yo: M'ap pran yo nan mitan nasyon kote mwen te gaye yo a, m'ap sanble yo. M'ap fè yo sòti kite peyi sa yo, m'ap ba yo peyi Izrayèl la ankò pou yo.


Lè m'a fin gaye yo tout nan mitan lòt nasyon yo, lè m'a fin simaye yo nan divès peyi etranje, lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Senyè a.


Ou ankò, mwen ta ka voye lagè sou peyi a. Mwen ta ka bay lòd pou nan lagè a yo touye dènye moun ak dènye bèt.


Men fwa sa a, mwen fè yon lòt sèman nan dezè a, mwen sèmante m'ap gaye yo nan mitan lòt nasyon yo, m'ap simaye yo nan mitan divès peyi etranje.


— Nonm o! Chante pou plenn sò lavil Tir!


Pèp la ap fè twa pòsyon, yon pòsyon pral mouri anba maladi ak grangou nan lavil la, yon lòt pòsyon pral mouri nan lagè lòt bò miray ranpa lavil la. M'ap gaye rès la nan tout direksyon. Lèfini, m'ap kouri dèyè yo ak nepe.


Lè y'a sispann sènen lavil la, w'a boule yon premye pil nan mitan lavil la. W'a pran yon dezyèm pil, w'a koupe l ti moso ti moso avèk nepe a pandan w'ap fè tou lavil la pa dèyò. Dènye pil cheve a menm, w'a voye l anlè pou van pote yo ale. Mwen menm, m'a kouri dèyè yo ak nepe mwen.


M'ap mennen lènmi nou yo vin fè nou lagè. M'ap leve moun dèyè nou pou vin fè nou lagè. M'ap gaye nou nan mitan lòt peyi etranje yo. Peyi a va tounen yon dezè. Lavil nou p'ap gen pèsonn rete ladan yo.


Se poutèt sa, men sa Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, di: Moun pral mache nan tout lari, yo pral rele nan tout kalfou: Mezanmi, mezanmi, ki lapenn sa a! Yo pral rele tout moun vin nan lanmò a. Y'ap fè chache moun ki konn rele yo pou yo vin kenbe rèl la.


Lè jou a va rive, yo pral fè chante sou nou. Y'a plenn sò nou, y'a di: Nou pèdi tou sa nou te genyen. Bondye kite moun lòt nasyon yo pran peyi a nan men nou. Wi, li pran jaden nou yo bay yon bann moun ki pa kwè nan li.


Li gaye yo nan mitan yon bann nasyon yo pat konnen. Lènmi fin devalize tout peyi a, yo pa kite pèsonn ladan l. Yon bon peyi konsa, yo fè l tounen yon dezè.


L'a fè lènmi nou yo bat nou. N'a pran yon sèl chemen ansanm pou n atake yo. Men, n'a gaye toupatou lè n'a pran rak devan yo. Tout moun sou latè pral mete men nan tèt lè y'a wè sa ki rive nou.


Senyè a pral depòte nou ansanm ak tout wa nou te mete alatèt nou, nan yon peyi etranje ni nou menm ni zansèt nou yo pat janm konnen. Lè n'a rive la, n'a sèvi zidòl fèt an bwa ak zidòl fèt ak wòch.


Senyè a va gaye nou nan mitan tout nasyon ki toupatou sou latè. Lè n'a rive la, n'a sèvi lòt bondye ni zansèt nou yo, ni nou menm nou pat janm tande pale, zidòl fèt an bwa, zidòl fèt ak wòch.


Mwen te di mwen ta pral detwi yo nèt, pou pèsonn pa janm chonje yo ankò sou latè.


Senyè a pral gaye nou toupatou nan mitan lòt nasyon yo. Se yon ti ponyen moun ase nan nou ki p'ap mouri nan peyi kote Senyè a pral mennen nou an.


Mwen menm Jak, sèvitè Bondye ak Jezikri Senyè nou an, m'ap ekri lèt sa a pou douz branch fanmi yo ki gaye toupatou sou latè. Bonjou pou nou tout.


跟着我们:

广告


广告