Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 9:10 - 1998 Haïtienne

10 Mwen di: — Mwen pral kriye, mwen pral plenn pou mòn yo, mwen pral plenn sò patiraj bèt yo. Paske yo fin boule. Pèsonn pa pase la ankò. Ou pa tande bri yon bèt ladan yo. Depi zwazo k'ap vole nan syèl la jouk bèt nan bwa, tout met deyò, y ale.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Paske mòn yo va tanmen fè gwo kri ak dèy pou patiraj dezè a, gwo plent, akoz yo vin brile nèt, jiskaske pèsòn pa pase ladann. Menm vwa a bèt yo p ap tande la ankò; ni zwazo syèl yo ak bèt latè yo fin sove ale; yo ale nèt.

参见章节 复制




Jeremi 9:10
30 交叉引用  

M'ap fè nou tounen yon machin pou raboure tè, yon machin tou nèf avèk dan byen file. Nou pral raboure mòn yo, nou pral kraze yo. Nou pral fè ti bit mòn yo tounen pousyè.


Peyi nou an te fin kraze. Peyi a te fin ravaje. Men, kounyeya li pral twò piti pou kantite moun k'ap rete ladan l. Paske moun ki t'ap fini ak peyi a, yo pral voye yo jete byen lwen nou.


Yon bann chèf lòt nasyon ap sakaje jaden rezen mwen an. Yo kraze jaden m lan anba pye yo. Yo fè bèl peyi mwen an tounen yon dezè kote moun pa rete.


Yo fè l tounen yon savann. Men, li la devan je m. Li fini, san anyen ladan l. Tout peyi a tounen yon dezè, san pèsonn pa di anyen.


Kilè n'a sispann wè tè a sèk? Kilè n'a sispann wè zèb nan jaden yo ap fennen? Zannimo yo ap mouri, zwazo yo ap depafini. Tou sa, akòz mechanste pèp la k'ap plede di Bondye pa wè sa n'ap fè.


Bourik mawon yo rete kanpe sou tèt ti mòn yo, y'ap pran fre tankou chen mawon. Je yo bouke, yo pa wè ladan yo, paske pa gen zèb pou yo manje.


Y'ap gwonde sou li tankou lyon, y'ap rele byen fò. Yo fè peyi a tounen yon savann. Yo mete dife nan tout lavil li yo. Pa rete yon moun ladan yo.


Yo pa chonje reve mande kote Senyè a, li menm ki te fè nou moute sòti nan peyi Lejip la, li menm ki te louvri chemen pou nou nan dezè a, nan yon peyi tè sèk, plen twou, yon peyi san dlo, plen danje, kote moun pa rete, kote moun pa menm pase.


Peyi a plen moun ki vire do bay Bondye. Madichon Bondye fè tout peyi a nan lapenn. Jaden zèb yo fin cheche. Tout moun deyò pou fè sa ki mal. Yo pran fòs kouray yo pou fè sa ki pa dwat.


Paske yon nasyon ap sòti nan nò, l'ap mache pran peyi a, l'ap fè l tounen yon dezè. P'ap gen pèsonn ladan l. Bèt kou moun ap kouri met deyò.


Nou menm moun lavil Jerizalèm, koupe tout cheve nan tèt nou voye jete. Moute sou tèt mòn yo, pou nou chante plenn sò nou, paske Senyè a pa vle wè moun ki fè l fache. Li vire do ba yo, li voye yo jete.


Anyen pa ka soulaje lapenn mwen! Kè m ap fann!


Se poutèt sa m'ap kriye konsa! Dlo ap ponpe nan je m san rete. Pa gen pèsonn pou konsole m, pèsonn pou ban m kouray. Lènmi m yo gen pye yo sou kou mwen. Moun mwen yo pa gen anyen ankò.


Je m wouj afòs mwen kriye. Kè m sere. M pèdi kouray lè m wè jan pèp mwen an ap fini, jan timoun yo ak ti bebe yo ap tonbe endispoze nan mitan lari kapital la.


paske mòn Siyon an tounen savann. Se bèt nan bwa ase ki rete la.


Ou ankò, mwen ta ka voye bèt sovay touye tout moun nan peyi a, pou fè peyi a tounen yon dezè moun pè travèse poutèt bèt sovay sa yo.


— Nonm o! Chante pou plenn sò lavil Tir!


P'ap rete yon moun ni yon bèt nan peyi a. Pandan karant lanne peyi a ap rete san yon moun ladan l.


M'ap fè peyi a tounen yon dezè san pèsonn ladan l. Fòs pouvwa ki te fè l ap gonfle sou moun lan pral kraze. Mòn peyi Izrayèl yo pral tounen savann. Pèsonn p'ap ka vwayaje pase ladan yo.


Y'ap detwi tout lavil ki nan peyi yo a. Y'ap kraze met atè tout kote yo fè sèvis pou zidòl yo ansanm ak tout lotèl yo. Y'ap kraze zidòl nou yo, y'ap disparèt yo. Y'ap kraze lotèl lansan nou yo an miyèt moso. Tou sa nou te fè ak men nou yo pral disparèt.


Se poutèt sa, peyi a pral nan lapenn. Tout moun nan peyi a pral deperi. Tout zannimo nan savann, tout zwazo k'ap vole nan syèl, tout pwason nan lanmè pral mouri.


Nou nenm prèt yo, mete rad lapenn sou! Pete rele! Nou menm k'ap sèvi devan lotèl la, Mare ren nou. Ale nan Tanp lan, pase nwit lan ak rad lapenn lan sou nou. Nou menm k'ap sèvi Bondye mwen an Nou nan lapenn. Pa gen danre, nanpwen diven pou fè ofrann nan kay Bondye nou an.


Senyè, m'ap rele nan pye ou! paske chechrès la fini ak jaden zèb yo. Ou ta di se dife ki boule tout pyebwa yo!


Nou menm, moun pèp Izrayèl, koute chante m'ap chante nan lapenn mwen gen pou nou:


Se poutèt sa, men sa Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, di: Moun pral mache nan tout lari, yo pral rele nan tout kalfou: Mezanmi, mezanmi, ki lapenn sa a! Yo pral rele tout moun vin nan lanmò a. Y'ap fè chache moun ki konn rele yo pou yo vin kenbe rèl la.


Lè jou a va rive, yo pral fè chante sou nou. Y'a plenn sò nou, y'a di: Nou pèdi tou sa nou te genyen. Bondye kite moun lòt nasyon yo pran peyi a nan men nou. Wi, li pran jaden nou yo bay yon bann moun ki pa kwè nan li.


Se konsa, n'ap làkòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen mazi. Gwo pyebwa pral kouvri tout mòn kote Tanp lan ye a.


跟着我们:

广告


广告