Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 9:1 - 1998 Haïtienne

1 Jan mwen ta renmen wè tèt mwen tounen yon sous dlo, de je m yo tounen de fontenn k'ap bay dlo, pou m kriye lajounen kou lannwit, pou moun yo touye nan pèp mwen an!

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 O ke tèt mwen te dlo, e ke zye m yo te yon fontèn dlo, pou m ta ka kriye lajounen kon lannwit pou lanmò a fi a pèp mwen an!

参见章节 复制




Jeremi 9:1
20 交叉引用  

Dlo ap kouri nan je m tankou larivyè, paske moun pa vle obeyi lalwa ou.


(4) Lajounen kou lannwit m'ap kriye. Se dlo ki sòti nan je m ki sèvi m manje. Se tout tan moun ap mande m: — Kote Bondye ou la?


(8) Mwen ta kouri pati ale byen lwen. Mwen ta v'al rete pou kont mwen nan dezè a.


Se poutèt sa, m'ap kriye pou pye rezen Sibma yo, jan mwen te kriye pou jaden rezen Jazè yo. Dlo ap kouri nan je m pou Esbon ak Eleale, paske moun ap rele pou bèl rezen yo te konn rekòlte la a.


Se poutèt sa mwen di: Kite m pou kont mwen pou m ka kriye kont kriye mwen! Pa chache konsole m pou gwo malè sèk sa a ki tonbe sou pèp mwen an!


Si nou pa koute l, mwen pral kache kò m yon kote pou m kriye, paske nou gen twòp lògèy. Je m pral koule dlo, yo pral ponpe dlo, paske yo pral fè pèp Senyè a prizonye, yo pral depòte yo.


Men sa w'a di yo ankò: — Se pou je m koule dlo san rete lajounen kou lannwit, paske pèp mwen an tankou yon tifi ki pran gwo frakti, l'ap soufri rèd soufri.


Lè li fin fè tou sa, Jida, sè Izrayèl la ki pat kenbe pawòl li avè m, li tounen vin jwenn mwen. Men, se te pawòl nan bouch. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.


Ay! Vant mwen! Vant mwen! Tout anndan m ap fè m mal! Kè mwen ap bat byen fò. M pa ka pa pale. Mwen tande twonpèt lagè a ansanm ak rèl moun k'ap atake yo.


Nan kondisyon sa a, ki jan pou m ta padonnen moun lavil Jerizalèm yo? Yo vire do ban mwen. Y'ap pran non yon bondye ki pa Bondye tout bon pou fè sèman. Mwen te ba yo tou sa yo bezwen. Men, yo lage kò yo nan fè adiltè. Y'ap goumen konsa pou yo antre kay jennès.


Senyè a pale ak pèp li a, li di l: — Mete rad sak sou nou. Woule kò nou nan sann dife. Se pou nou gen lapenn tankou si nou te pèdi sèl pitit gason nou te genyen. Se pou nou plenn ak de ran dlo nan je nou. Paske moun k'ap vin detwi nou an ap atake nou san avèti.


Anyen pa ka soulaje lapenn mwen! Kè m ap fann!


Pèp la di: Di yo fè vit vin plenn sò nou! Annou kriye, annou fè je nou kouri dlo!


Je m wouj afòs mwen kriye. Kè m sere. M pèdi kouray lè m wè jan pèp mwen an ap fini, jan timoun yo ak ti bebe yo ap tonbe endispoze nan mitan lari kapital la.


Genyen k'ap touye moun pou lajan. Gen lòt ankò k'ap bay frè parèy yo ponya, y'ap mande yo enterè pou lajan yo prete yo. Y'ap pran tou sa frè parèy yo genyen pa fòs. Men mwen menm, yo bliye m. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.


Se yon bann trèt yo ye. Yo pa kenbe pawòl yo. Yo tankou yon fou yo fin chofe byen chofe. Boulanje a fè yo sispann chofe fou a, l'ap tann pat li fin bat la leve anvan li anfounen l.


跟着我们:

广告


广告