Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 8:8 - 1998 Haïtienne

8 Ki jan nou ka fè di nou gen bon konprann, lalwa Senyè a avèk nou? Men dirèktè lalwa yo, se yon bann malonèt. Avèk bèl pawòl yo, yo fè l di sa li pa di.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 “‘Kòman nou ka di: “Mwen saj’, epi lalwa SENYÈ a avèk nou?” Men gade byen, fo plim a skrib yo fè sa tounen gwo manti.

参见章节 复制




Jeremi 8:8
18 交叉引用  

Konsa, moun fou va konmanse gen konprann. Bourik sovay yo va donte.


Li fèmen bouch moun k'ap bay bon konsèy. Li fè granmoun yo depale.


Li fè pitit Jakòb yo konmen pawòl li. Li fè pèp Izrayèl la konnen lòd li yo ak sa li deside.


Pitit pitit se rekonpans granmoun. Manman ak papa se kontantman pitit.


Premye zansèt nou an te fè sa li pat dwe fè. Mesaje nou yo te vire do ban mwen.


Lè sa a, pèp la va di: — Annou moute yon konplo sou do Jeremi. N'a toujou jwenn prèt pou di nou sa Bondye vle. Va toujou gen moun ki gen bon konprann pou ban nou konsèy. Va toujou gen pwofèt pou fè nou konnen mesay Bondye yo. Annou wè! Ann touye l anba kout lang. Nou pa bezwen tande sa l'ap di nou la a.


Se isit la mwen pral kraze tout plan moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm yo t'ap fè yo. M'ap fè lènmi yo touye yo nan lagè. M'ap fè yo mouri anba men moun ki sòti pou touye yo. Lèfini, m'ap kite kadav yo sèvi manje pou zwazo nan syèl la ak bèt nan bwa.


Prèt yo pa janm mande kote Senyè a? Yo menm mwen te fè konnen lòd mwen yo, yo pa konnen m ankò. Chèf yo trayi m. Pwofèt yo pale nan non Baal. Y'ap kouri dèyè zidòl ki pa ka fè anyen pou yo.


Senyè a di konsa: Pèp mwen an sòt! Yo pa konnen m! Se yon bann timoun, lespri yo bouche! Yo pa konprann anyen! Yo fò nan fè sa ki mal ase. Yo pa konn fè sa ki byen.


Ki jan nou ka fè di: Nou se vanyan gason, sòlda brave danje ki konn fè lagè?


Atout m ekri pou yo anpil regleman sou lalwa mwen ba yo a, yo pran regleman yo pou bagay ki pa pou yo.


moun sa a pa bezwen fè anyen pou papa l osinon pou manman l. Se konsa, avèk koutim nou yo, nou fè pawòl Bondye a pase pou anyen menm.


Jezi reponn yo: — Si nou te avèg, nou pa ta koupab akòz sa. Men paske n'ap plede di: nou wè, nou wè, se poutèt sa peche nou rete sou nou toujou.


Y'ap mache di se moun lespri yo ye. Men, se fou yo fin fou.


跟着我们:

广告


广告