Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 8:7 - 1998 Haïtienne

7 Ata krabye konnen lè pou yo retounen lakay yo. Menm toutrèl, ziwondèl ak valèt, yo konnen lè pou yo vwayaje tounen. Men, nou menm, pèp mwen an, nou pa konnen regleman mwen ban nou pou nou swiv.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Menm zwazo sigòy anlè a konnen sezon li. Toutrèl ak iwondèl ak valèt kontwole lè antre sòti pa yo; men pèp Mwen an pa konnen règleman SENYÈ a.

参见章节 复制




Jeremi 8:7
10 交叉引用  

Nan tout jaden, flè yo louvri. Se sezon ou tande chante toupatou. Toutrèl gentan ap chante nan bwa.


Bèf ki bèf konnen mèt li. Bourik ki bourik konnen kote mèt li konn lonje li. Men pèp Izrayèl pa konnen mwen. Pèp mwen an pa pyès diferans.


Branch bwa yo cheche, yo kase. Medam yo ranmase yo pou fè dife. Paske pèp la pat konprann anyen, Bondye ki te kreye l la p'ap gen pitye pou li. Bondye ki te fè l la p'ap fè l gras.


Lè y'ap fè fèt, se pou gen gita, bandjo, tanbou, flit ak barik kleren an la. Men yo pa chache konprann travay Senyè a, ni yo pa wè sa l'ap fè.


Senyè a di konsa: Pèp mwen an sòt! Yo pa konnen m! Se yon bann timoun, lespri yo bouche! Yo pa konprann anyen! Yo fò nan fè sa ki mal ase. Yo pa konn fè sa ki byen.


Se poutèt sa lyon ki nan rakbwa ap devore yo. Chen mawon ki nan savann ap dechèpiye yo. Leyopa ap anvayi lavil yo. Si yon moun mete tèt deyò, y'ap depatya li. Paske yo fè anpil peche. Se tout tan y'ap twonpe Bondye!


Lalwa a la, li pa sèvi anyen. Ou pa ka jwenn jistis. Mechan ap kraze moun k'ap mache dwat. Lajistis devan dèyè.


Apre sa mwen leve je m gade, mwen wè de fanm. Yo te gen gwo zèl tankou sigòy. Yo t'ap vole nan syèl la vini. Yo pran panyen an, yo moute avè l.


跟着我们:

广告


广告