Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 8:6 - 1998 Haïtienne

6 M pare zòrèy mwen pou m tande tout sa n'ap di: Men, pawòl ki sòti nan bouch nou pa laverite. Pa gen yonn nan nou ki gen lapenn pou mechanste n'ap fè yo. Pa gen yonn ki di: Kisa m'ap fè la a konsa? Tankou yon chwal k'ap kouri pou al nan lagè, yo pa tande yo pa wè, yo lage kò yo pi fon nan mechanste yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Mwen te koute e te tande, men yo pa t pale sa ki dwat; okenn moun pa t repanti de mechanste yo pou l ta di: ‘Kisa mwen te fè la a?’ Yo chak vin vire nan pwòp chemen pa yo, tankou yon cheval k ap kouri antre nan batay.

参见章节 复制




Jeremi 8:6
24 交叉引用  

M'a di Bondye: Tanpri, pa kondannen m. Fè m konnen poukisa ou leve dèyè m konsa.


Men, si yon mechan pale ak Bondye, si li di l: — Wi, mwen te fè sa ki mal. Mwen p'ap fè sa ankò.


Tanpri. Louvri je m. Fe m wè sa m fè a. Si mwen te aji ak mechanste, mwen p'ap rekonmanse ankò.


Senyè a rete nan syèl la, l'ap gade lèzòm anba, pou l wè si gen ladan yo ki gen konprann, si gen ladan yo k'ap chache l.


Men, Senyè a ap tann lè pou l fè nou gras. Li tou pare pou l gen pitye pou nou, paske Senyè a, se yon Bondye k'ap toujou fè sa ki byen! Benediksyon pou moun ki mete konfyans yo nan li.


Wi, mwen te fache anpil sou yo paske yo te gen move lanvi nan kè yo. Mwen te fè kòlè, mwen te pini yo, mwen te lage yo, paske yo t'ap fè tèt di, yo t'ap fè sa yo pi pito.


Li sezi wè pèsonn pa leve kanpe pou defann inonsan yo. Se konsa, li vin delivre pèp la ak pwòp fòs kouray li. Li ba l men, li pran defans li.


Mwen tande tou sa pwofèt yo di lè yo pran non m pou bay manti, lè yo pretann yo te fè vizyon nan rèv.


Nou konnen mwen p'ap ret fache pou tout tan, mwen p'ap kenbe nou nan kè m. Pèp Izrayèl, se sa nou te toujou di. Epi apre sa, nou lage kò nou pi rèd nan fè sa ki mal.


Mache toupatou Jerizalèm. Louvri je ou byen! Fè ankèt pou konn sa k'ap pase! Chache sou tout plas piblik! ske n'ap jwenn yon nonm, menm yon sèl k'ap fè sa ki dwat, ki p'ap chache twonpe Bondye? Si nou jwenn yonn grenn, m'ap padonnen tout lavil la.


Li rekonèt sa li t'ap fè a te mal, li sispann fè l. Sèten li p'ap mouri. Se viv pou li viv.


Mwen chache nan mitan yo yon moun ki ta ka bati yon miray, ki ta ka kanpe kote miray yo ap kraze a, pou pran defans peyi a lè m'a fè kòlè pou m detwi l, men mwen pa jwenn pèsonn.


Tout pèp Izrayèl la nèt pat swiv lòd ou. Yo pran chemen kwochi, yo pa koute ou lè ou te pale yo. Se konsa tout madichon ak tout malè ki te ekri nan lalwa Moyiz, sèvitè ou la, tonbe sou nou, paske nou te fè sa ki mal devan ou.


Pa rete moun serye ankò nan peyi a. Pa gen pesonn k'ap sèvi Bondye ak tout kè yo. Tout moun ap tann chans pa yo pou mete men yo nan san. Moun ap mache mete pèlen yonn pou lòt.


Mwen te kwè pèp mwen an ta gen yon ti krentif pou mwen. Leson an ta sèvi yo. Yo pa ta janm bliye sa m te fè yo pase. Men, se lè sa a yo lage kò yo pi rèd nan fè sa ki mal.


Bon. Kounyeya, men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di: Kalkile byen sou sa k'ap rive nou la a.


Wi! Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di nou: Kalkile byen sou sa k'ap rive nou la a!


Men moun ki gen krentif pou Senyè a t'ap pale yonn ak lòt pou ankouraje yonn lòt. Li fè louvri yon liv souvni nan prezans li pou moun ki gen krentif pou li yo epi ki respekte non li.


Senyè a pa pran twòp reta pou kenbe pwomès li yo, jan kèk moun kwè a. Okontrè, se pasyans l'ap pran ak nou, paske li pa ta renmen pèsonn peri, li ta vle pou tout moun tounen vin jwenn li.


Malgre sa, rès moun sou latè yo, sa ki pa te mouri anba kalamite sa yo, pa te sispann adore satan ak zidòl lò, lajan, bwonz, wòch epi ak zidòl bwa, zidòl ki pa ka wè ni ki pa ka tande ni ki pa ka mache.


跟着我们:

广告


广告