Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 8:5 - 1998 Haïtienne

5 Poukisa atò, nou menm pèp lavil Jerizalèm, nou vire do ban mwen, epi nou pa vle chanje? Nou kenbe pye zidòl nou yo la tòt. Nou derefize tounen vin jwenn mwen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Poukisa pèp sa a, Jérusalem, te vire akote nan enfidelite san rete a? Yo kenbe rèd a desepsyon. Yo refize retounen.

参见章节 复制




Jeremi 8:5
26 交叉引用  

Pa janm bliye sa yo te moutre ou, kenbe l fèm. Pa kite l chape anba men ou, se tout lavi ou.


Men, si nou derefize koute m, si nou rete ap fè tèt di toujou, nou tout gen pou n mouri nan lagè. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa ak bouch mwen.


Y'ap di moun k'ap fè vizyon yo: Pa di nou vizyon nou fè yo. Y'ap di pwofèt yo: pa fè nou konnen sa nou dwe fè. Di nou bèl pawòl dous k'ap fè nou plezi. Kite nou ak sa nou kwè a.


Se tankou si yo te mete konfyans yo nan sann dife. Se tèt yo y'ap twonpe. Yo pèdi wout yo. Yo p'ap ka sove lavi yo, yo pa konprann zidòl yo gen nan men yo a se pa bondye li ye.


Pèp la ap rele nan pye Bondye, y'ap di: — Menm si sa nou fè a kont pou kondannen nou, ou menm, Senyè, fè kichòy pou sa ka sèvi yon lwanj pou ou non! Paske se pa ni de ni twa fwa nou vire do ba ou nan fè peche kont ou.


Eske yon jenn fi ka bliye bijou li yo? Eske yon lamarye ka bliye rad nòs li? Men, pèp mwen an bliye m, m pa ka konte depi kilè.


Nou konnen mwen p'ap ret fache pou tout tan, mwen p'ap kenbe nou nan kè m. Pèp Izrayèl, se sa nou te toujou di. Epi apre sa, nou lage kò nou pi rèd nan fè sa ki mal.


Menm jan chasè yo plen kalòj yo ak zwazo, konsa tou, yo plen kay yo ak sa yo vòlò. Se sa ki fè yo grannèg, yo rich konsa.


Senyè, mwen konnen se moun ki p'ap twonpe ou w'ap chache! Ou frape yo, sa pa fè yo anyen. Ou kraze yo, yo derefize aprann. Tèt yo di kou wòch. Yo derefize tounen vin jwenn ou!


Se poutèt sa lyon ki nan rakbwa ap devore yo. Chen mawon ki nan savann ap dechèpiye yo. Leyopa ap anvayi lavil yo. Si yon moun mete tèt deyò, y'ap depatya li. Paske yo fè anpil peche. Se tout tan y'ap twonpe Bondye!


Apre sa, Senyè a chwazi faksyonè pou veye pou yo, pou di yo: Atansyon, tande jan y'ap kònen twonpèt la pou avèti nou. Men, yo di: Non, nou p'ap tande.


Ou menm latè, koute. Mwen pral fè malè tonbe sou pèp sa a. Se yo ki chache l ak vye lide yo gen nan tèt yo. Yo pa vle koute sa m'ap di yo, yo pa okipe lalwa mwen ba yo a.


Y'ap fè britalite sou britalite. Y'ap twonpe moun yonn dèyè lòt. Yo derefize rekonèt mwen. Se Senyè a menm ki di sa.


Tout pèp Izrayèl la nèt pat swiv lòd ou. Yo pran chemen kwochi, yo pa koute ou lè ou te pale yo. Se konsa tout madichon ak tout malè ki te ekri nan lalwa Moyiz, sèvitè ou la, tonbe sou nou, paske nou te fè sa ki mal devan ou.


Men yo refize tounen vin jwenn mwen. Se poutèt sa yo p'ap tounen nan peyi Lejip la ankò, se moun Lasiri ki va gouvènen yo.


Yo vire do ban mwen, yo fin pran pli a nèt. Y'a rele anba chay ki sou zepòl yo a, men pèsonn p'ap vin wete l sou yo.


Jouk kounyeya, y'ap fè peche toujou. Y'ap pran kwiv, y'ap fonn li pou fè estati zidòl. Y'ap fè bèl zidòl an ajan jan yo konnen. Tou sa se travay atizan fè ak men yo. Apre sa yo di: Ann ofri bèt pou touye ba yo! Kounyeya nou wè se moun k'ap bo estati bèf!


Paske, moun Izrayèl yo gen tèt di pase milèt pòt. Ki jan pou Senyè a ka mennen yo al manje nan savann tankou ti mouton?


Men, yo te derefize koute m. Yo t'ap fè wondonmon. Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande.


Malgre sa, nou pa vle vin jwenn mwen pou nou ka gen lavi tout bon an.


Egzaminen tout bagay byen, kenbe sa ki bon.


Veye kò nou! Pa refize koute pawòl moun k'ap pale ak nou an. Moun ki te refize koute pawòl moun ki t'ap ba yo avètisman Bondye sou latè a, yo pat chape anba chatiman an. Nou pa bezwen mande si nou menm nou ka delivre si nou vire do bay moun k'ap pale ak nou antan l nan syèl la.


Men, kenbe sa nou genyen an byen fèm jouk jou m'a tounen.


跟着我们:

广告


广告