Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 8:3 - 1998 Haïtienne

3 Nan move ras sa a, gen yon ti rès moun ki va chape. Mwen pral gaye yo yon bann kote sou latè pou yo rete. Lè sa a, y'a regrèt yo pat mouri pito. Se Senyè a ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Epi pami retay sila ki rete nan fanmi mechan sila yo, se lanmò ke y ap chwazi pito ke lavi, retay ki rete nan tout plas ke M te konn bourade yo rive yo,” deklare SENYÈ dèzame yo.

参见章节 复制




Jeremi 8:3
22 交叉引用  

Eli menm mache tout yon jounen nan dezè a. Lè li rete, l'al chita anba lonbray yon ti pye bayawonn. Li mande lanmò. Li di: — M'pa kapab ankò, Senyè! Pito ou pran mwen kont fini. Mwen pa pi bon pase zansèt mwen yo.


M'ap sanble sa ki rete nan pèp mwen an, m pral pran yo nan tout peyi kote mwen te gaye yo a, m'ap fè yo tounen lakay yo. Y'a fè anpil pitit, y'a peple.


Lè sa a y'a di: Se nan non Senyè ki vivan an, li menm ki te fè pitit pitit moun pèp Izrayèl yo sòti kite peyi nan nò a ak nan tout lòt peyi kote li te gaye yo pou yo vin rete nan peyi ki rele yo pa yo a.


Wi, m'a kite nou jwenn mwen. Se mwen menm ki di sa. M'a fè peyi nou an kanpe ankò. M'ap pase men m ranmase nou nan tout peyi toupatou kote m te gaye nou yo. M'ap mennen nou tounen kote m te pran nou pou m te depòte nou an. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Men kounyeya li ekri nou isit lavil Babilòn, li voye di nou n'ap rete lontan nan sitirasyon sa a. Nou mèt bati kay pou nou rete, nou mèt plante jaden pou nou ka manje.


Yo kite peyi kote yo te gaye yo, yo tounen nan peyi Jida, yo vin jwenn Gedalya lavil Mispa. Yo fè yon bèl rekòt rezen ak lòt fwi an kantite.


— Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di nou: Nou te wè tout malè mwen te fè tonbe sou lavil Jerizalèm ak sou tout lòt lavil peyi Jida yo. Jouk kounyeya, se yon miray kraze yo ye. Pa gen yon grenn moun ki te rete ladan yo.


Lè sa a, mwen move, mwen fè kòlè. Mwen lage yon dife sou lavil Jida yo ak nan tout lari lavil Jerizalèm. Se vye kay kraze san pèsonn ladan yo ki rete, jan nou ka wè sa jòdi a.


Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di m ankò: — Yo pral ranmase dènye moun ki rete nan peyi Izrayèl la, menm jan yo ranmase dènye grap rezen lè rekòt fini. Y'ap pase men pran yo tout, tankou moun k'ap pase men nan branch rezen pou rekòlte rezen.


Ou menm, Senyè, tou sa ou fè dwat. Men, nou tout moun peyi Jida, moun lavil Jerizalèm, tout moun nan pèp Izrayèl ou te gaye nan peyi pre ak peyi lwen yo, se wont nou toujou wont sa nou fè, tankou jòdi a, paske nou pat kenbe pawòl nou avè ou.


M'ap mennen lènmi nou yo vin fè nou lagè. M'ap leve moun dèyè nou pou vin fè nou lagè. M'ap gaye nou nan mitan lòt peyi etranje yo. Peyi a va tounen yon dezè. Lavil nou p'ap gen pèsonn rete ladan yo.


Nou menm pèp Izrayèl, tande mesay Senyè a te bay sou nou, sou nasyon li te fè sòti kite peyi Lejip la.


Kounyeya, Senyè, ou mèt tou touye m fini ak sa. M pito mouri pase pou m viv pou m wè bagay sa a devan je m!


Se poutèt sa, men sa Senyè a di: M'ap pare yon malè pou nou. Nou yonn p'ap chape. Nou p'ap ka gonfle lestonmak nou sou moun ankò, paske sa pral rèd pou nou.


Mwen mete benediksyon ak madichon devan nou. N'a chwazi. Lè tout bagay mwen te di nou yo va rive nou, si, antan n'ap viv nan mitan lòt nasyon nan peyi kote Senyè a te gaye nou yo, nou vin sonje sa m' te di nou,


Yo mèt depòte nou jouk nan dènye bout latè, Senyè a, Bondye nou an, pral chache nou jouk la pou l sanble nou ankò.


Yo t'ap pale ak mòn yo ansanm ak wòch yo tankou ak moun. Yo t'ap di yo: — Tonbe sou nou. Kache nou pou moun ki chita sou fòtèy la pa wè nou, pou kòlè ti Mouton an pa tonbe sou nou.


Pandan senk mwa sa yo, moun va chache lanmò, men yo p'ap jwenn lanmò. Y'a anvi mouri, men lanmò va pase lwen yo.


跟着我们:

广告


广告