Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 8:2 - 1998 Haïtienne

2 Yo pral kite yo atè a konsa devan solèy la, devan lalin lan, devan zetwal yo ki nan syèl la, paske se bagay sa yo moun sa yo te renmen, se sa yo t'ap sèvi, se sa yo t'ap swiv. Se sa yo te al mande sa pou yo fè. Se pou yo yo t'ap fè sèvis. Pèsonn p'ap ranmase zosman yo pou antere yo. Y'a tounen fimye atè a.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Yo va gaye yo parèt devan solèy la, lalin nan ak tout lame syèl, ke yo te renmen yo, ke yo te sèvi yo, ke yo te kouri dèyè yo, e ke yo te adore yo. Yo p ap ranmase, ni yo p ap antere; yo va rete kon fimye bèt sou sifas latè.

参见章节 复制




Jeremi 8:2
32 交叉引用  

Yo lage tout kòmandman Senyè a, Bondye yo a, te ba yo. Yo fè de estati towo an kwiv pou yo sèvi ak yon pòtre Achera, zidòl fanm lan, yo sèvi zetwal nan syèl la ansanm ak Baal.


Li rebati tanp bondye lòt nasyon Ezekyas, papa l, te fè kraze. Li bati lotèl pou Baal, li fè fè yon estati Achera, tankou sa Akab, wa peyi Izrayèl la, te fè fè a. Lèfini, li adore dènye zetwal ki nan syèl la, li fè sèvis pou yo.


Li fè bati lotèl nan de lakou Tanp lan pou tout zetwal ki nan syèl la.


Li revoke tout prèt ansyen wa peyi Jida yo te nonmen pou fè sèvis sou lotèl zidòl yo nan lavil peyi Jida yo ak nan zòn Jerizalèm, tout prèt ki t'ap fè sèvis pou Baal, pou solèy, pou lalin, pou douz gwoup zetwal yo ak pou tout lòt zetwal yo.


(6) Men tou, yo pral sezi, yo pral tranble, san pa gen rezon pou yo tranble. Men Bondye pral gaye zo tout lènmi ou yo, w'ap fè yo wont, paske Bondye lage yo.


(11) Ou te kraze yo nan Andò, ou fè kadav yo tounen fimye pou tè a.


(12) Sa ou te fè Orèb ak Zeèb, se sa pou ou fè chèf lame yo tou! Menm jan ou te kraze Zebak ak Salmouna, se konsa pou ou kraze chèf yo tou,


Yon nonm te mèt gen san (100) pitit, li te mèt viv lontan, wi li te mèt rive vye granmoun, si li pa jwi anyen nan lavi, si yo pa ka fè bèl lantèman pou li, enben, mwen di nou: Yon timoun ki fèt tou mouri miyò pase l.


Moun yo t'ap bay mesay sa yo pral fini menm jan an tou. Yo pral mouri nan lagè ak nan grangou, yo menm, madanm yo, pitit gason ak pitit fi yo. Yo pral jete kadav yo nan tout lari lavil Jerizalèm. P'ap gen pèsonn pou antere yo. Se konsa m'ap fè yo peye mechanste yo.


Lè sa a, w'a reponn yo: — Men sa Senyè a di: Se paske zansèt nou yo te vire do ban mwen, y'al dèyè lòt Bondye. Yo fè sèvis pou yo, yo adore yo, yo vire do ban mwen. Yo pa kenbe lòd mwen te ba yo.


Move maladi pral touye yo. P'ap gen moun ni pou kriye pou yo ni pou antere yo. Kadav yo va tounen fimye atè a. Y'ap mouri nan lagè, y'ap mouri grangou. Kadav yo ap sèvi manje pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa.


Tout moun nan peyi a pral mouri, rich kou pòv. Yo p'ap antere yo. Pèsonn p'ap kriye pou yo. Pèsonn p'ap ni make kò yo ak kouto, ni koupe cheve nan tèt yo, pou moutre yo nan lapenn pou yo.


Wi, kay lavil Jerizalèm yo ansanm ak kay wa peyi Jida yo ap tankou Tofèt. Yo p'ap ka sèvi pou moun k'ap sèvi Bondye. Wi, tout kay sa yo se kote yo te moute anwo sou teras pou boule lansan pou zetwal, pou ofri diven bay lòt bondye.


Y'ap antere l tankou chen. Y'ap trennen kadav li, y'ap voye l jete byen lwen lòt bò pòtay lavil Jerizalèm.


Jou sa a, depi yon bout latè rive lòt bout la, se va kadav moun Senyè a pral touye. P'ap gen pèsonn pou kriye pou yo, pèsonn pou ranmase yo atè a, pèsonn pou antere yo. Kadav yo va tounen fimye atè a.


Y'a pran tout fon ki sèvi pou antere kadav ak pou boule fatra a, tout tè ki sòti depi bò ravin Sedwon an rive nan kwen Pòtay Chwal yo sou bò lès, y'a mete yo apa pou mwen. Yo p'ap janm kraze, ni yo p'ap janm demoli yo ankò.


Se poutèt sa, kounyeya, men mesay mwen menm Senyè a m'ap bay sou Jojakim, wa peyi Jida a: P'ap janm gen yonn nan pitit li yo ki pou chita sou fòtèy David la pou gouvènen nan plas li. Kadav li pral rete atè konsa, pou chalè solèy bat li lajounen, pou fredi bat li lannwit.


Mwen di: — Nou menm medam, koute sa Senyè a ap di. Louvri zòrèy nou pou nou tande pawòl k'ap sòti nan bouch li. Moutre pitit fi nou yo jan pou yo plenn. Y'a moutre zanmi fi yo jan pou yo rele.


Lanmò ap pase nan fennèt yo. L'ap antre nan gwo bèl kay nou yo. Li pase men l pran timoun nan lari, ak jenn gason sou plas mache yo.


Senyè a di: — Kadav yo gaye toupatou, tankou fimye yo simen nan jaden, tankou grap diri moun k'ap ranmase rekòt yo kite atè. Pa gen pèsonn pou ranmase yo.


Mwen pral voye ou jete ansanm ak tout pwason yo nan dezè a. Ou pral tonbe atè a. Yo p'ap ranmase ou, ni yo p'ap antere ou. M'ap fè ou rete la pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa vin manje ou.


Nou pral mouri nan plenn yo. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki pale.


M'ap gaye kadav moun pèp Izrayèl yo devan tout vye zidòl yo, m'ap mache gaye zosman yo tout bò lotèl yo.


Li mennen m nan lakou anndan Tanp lan. Mwen wè vennsenk nèg konsa kanpe bò pòt pou antre nan kote ki apa nèt pou Senyè a, nan mitan lotèl la ak galeri a. Yo te bay Tanp lan do. Fas yo vire bò solèy leve. Yo bese tèt yo byen ba, y'ap fè sèvis pou solèy la k'ap leve.


Senyè a te di ankò: — Mwen pral manyen ak lèzòm! Yo pral tatonnen tankou avèg, paske yo te peche kont Senyè a. San yo pral koule kou dlo, kadav yo pral pouri tankou fatra.


Mwen pral disparèt dènye moun k'ap moute sou teras anwo kay pou adore solèy, lalin ak zetwal nan syèl la. M'ap detwi moun k'ap pran non mwen mete ansanm ak non zidòl Milkòm lan pou fè sèman.


Men, Bondye vire do l ba yo, li kite yo adore zetwal ki nan syèl la, jan sa te ekri nan Liv pwofèt yo: Nou menm pèp Izrayèl,eske se pou mwennou te fè ofrann bèt ak lòt sakrifis, pandan karantan nou pasenan gwo dezè a?


pou l'al fè bagay Senyè a pa janm mande nou fè, pou l'al sèvi lòt bondye, tankou, lalin osinon zetwal nan bann zetwal ki nan syèl la,


Konsa tou, lè nou leve je nou nan syèl la, nou wè solèy la, lalin lan, zetwal yo ak tout lòt bagay ki anwo nan syèl la. Pa kite yo vire tèt nou pou nou fè sèvis pou yo. Pa al mete ajenou devan yo. Bondye mete yo la pou sèvis tout moun ki sou latè.


跟着我们:

广告


广告