Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 8:16 - 1998 Haïtienne

16 Lènmi deja rive nan zòn lavil Dann lan. Nou tande souf chwal yo. Tout tè a ap tranble lè chwal yo ap ranni. Lènmi an ap vini, l'ap detwi peyi a ansanm ak tou sa ki ladan l. L'ap kraze lavil yo ansanm ak tout moun ki ladan yo.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 Soti nan Dan te tande gwo souf cheval. Ak son ranni a etalon li yo, tout tè a souke; paske yo te vini devore peyi a ak tout ki sa ki ladann, vil la ansanm ak tout moun ki rete ladann.

参见章节 复制




Jeremi 8:16
22 交叉引用  

Eske se ou ki fè yo sote ponpe tankou kabrit, ki fè yo ranni pou fè moun pè?


(1b) Se pou Senyè a tè a ye ansanm ak tou sa ki sou li. Se pou Senyè a lemonn antye ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l.


Mete ou ankòlè sou nasyon ki pa konnen ou yo, sou pèp ki p'ap sèvi ou yo. Paske se yo menm k'ap fin touye pitit Jakòb yo. Y'ap touye yo nèt. Yo fin ravaje peyi kote nou rete a.


Men, depi nou te tou piti, zidòl k'ap fè nou wont la fin manje dènye sa zansèt nou yo te kite pou nou: bèf, kabrit ak mouton, pitit gason ak pitit fi.


Men, yon lè yo gen pou yo devore moun k'ap devore ou kounyeya. Y'ap fè tout moun ki pa vle wè ou yo prizonye, y'ap depòte yo. Y'ap piye moun k'ap piye ou yo. Y'ap fini ak moun k'ap fini avè ou yo.


Mwen tande moun ap rele anmwe. Tout moun tèt anba, yo pa konn sa pou yo fè.


Mwen gade mòn yo, yo t'ap tranble! Mwen gade ti bit yo, yo t'ap balanse adwat agòch!


Tankou yon lyon ki sòti nan kachèt li anba raje, moun ki pral detwi nasyon yo derape. Li kite lakay li, l'ap ven devaste peyi Jida a. L'ap boule lavil peyi Jida yo, li p'ap kite yon moun ladan yo.


Lè y'a tande bri zago chwal yo ap frape tè a, bri cha lagè yo k'ap kouri vini ak bri wou yo k'ap woule atè a, papa p'ap ka fè anyen pou pitit yo, tèlman y'a dekouraje.


Y'ap devore tout rekòt ak tout manje nou yo. Y'ap touye ni pitit gason, ni pitit fi nou yo. Y'ap koupe tèt bèf, tèt kabrit ak tèt mouton nou yo. Y'ap koupe dènye pye rezen ak dènye pye fig frans nou yo met atè. Y'ap kraze dènye lavil ak ranpa nou te kwè ki ta ka pwoteje nou yo. Y'ap vini atake nou ak nepe.


Yo pran banza ak frenn yo. Yo mechan anpil, se yon bann san manman. Lè yo sou chwal yo, y'ap fè bri tankou lanmè lè l move. Yo pare lame yo pou yo vin fè lagè kont Babilòn.


Tout latè ap tranble, l'ap souke, paske lè plan travay Senyè a rive pou l fèt. Li pral fè Babilòn tounen yon dezè kote p'ap gen pèsonn ankò.


Yo pran banza yo ak frenn yo. Yo mechan anpil. Se yon bann san manman. Lè yo sou chwal yo, y'ap fè bri tankou lanmè lè l move. Yo pare lame yo pou yo vin fè lagè kont lavil Jerizalèm, sou mòn Siyon an.


Koute bri fwèt kach yo, bri wou cha yo k'ap woule vini. Koute bri chwal yo k'ap galope, bri cha lagè yo k'ap kouri vini.


Mòn yo wè ou, yo pran tranble. Gwo lapli ap tonbe sòti nan syèl la. Dlo anba tè yo ap gwonde. Gwo lanm lanmè ap leve byen wo.


Paske, jan sa ekri nan Liv la: Se pou Mèt la tè a ye ansanm ak tou sa ki ladan l.


Men, si yon moun di nou vyann sa a se vyann bèt yo te ofri bay zidòl, lè sa a, pa goute l poutèt moun ki fè ou remak la, pou konsyans pèsonn pa boulvèse.


Yo rele l lavil Dann, menm non ak Dann, zansèt yo a, pitit gason Jakòb la. Anvan sa, lavil la te rele Layis.


Tout pèp Izrayèl la nèt, depi lavil Dann nan nò jouk lavil Bècheba nan sid, pase nan peyi Galarad, tout pèp la nèt kanpe. Yo reyini ansanm devan Senyè a, lavil Mispa.


Lè sa a, yo tande chwal yo ki t'ap galope ale. Chwal yo t'ap pilonnen tè a ak zago yo.


跟着我们:

广告


广告