Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 8:12 - 1998 Haïtienne

12 Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo? Bichi! Yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, yo pral tonbe menm jan lòt yo te tonbe a. Lè m'a pini yo, se va bout yo. Se Senyè a ki di sa.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Èske yo pa t wont akoz zak abominab yo te fè yo? Anverite, yo pa t wont. Yo pa t konprann menm ki jan pou yo ta vin wont. Akoz sa, yo va tonbe pami sila k ap tonbe yo. Nan lè pinisyon pa yo, yo va abese,” di SENYÈ a.

参见章节 复制




Jeremi 8:12
20 交叉引用  

Nan denmen maten, pi gran an di pi piti a: — Yèswa mwen te kouche ak papa mwen. Aswè a se tou pa ou. N'ap fè li bwè jouk li sou. Epi ou v' al kouche ak li pou nou de a ka fè pitit pou papa nou.


(3) Poukisa, ou menm gwo chèf, w'ap vante tèt ou konsa lè ou fè sa ki mal! Renmen Bondye a pa janm chanje.


(9) Men moun ki te derefize chache pwoteksyon bò kote Bondye a. Li te pito mete tout konfyans li nan gwo richès li yo. Li te pito ap fè grandizè pou sa li fè ki mal.


Tout moun pral pase, prèt yo kou moun nan pèp la, esklav yo kou mèt yo, sèvant yo kou metrès yo, sa k'ap vann kou sa k'ap achte, sa k'ap bay ponya kou sa k'ap pran ponya, sa k'ap bay kredi kou sa k'ap pran kredi.


Depi ou gade yo, ou wè ki moun yo ye. Tankou moun lavil Sodòm yo, yo fè peche yo aklè pou tout moun wè. Se poutèt sa, malè ap tonbe sou yo. Se yo menm k'ap rale li sou tèt yo.


Yo pa vo anyen. Yo bon pou pase nan betiz. Y'ap disparèt lè Senyè a ap vin regle ak yo.


Se poutèt sa, men sa Senyè a di li pral fè pwofèt li pat janm voye yo men ki pran non l pou di pèp la p'ap gen lagè ni grangou nan peyi a: Se nan lagè ak nan grangou tout pwofèt sa yo pral mouri!


Enben, chemen yo pran an pral tankou yon tè glise nan fènwa pou yo. Yo pral pèdi wout yo, yo pral tonbe. Mwen pral voye yon sèl malè sou yo lè lè a va rive pou m pini yo. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.


Se poutèt sa pat gen lapli. Lapli prentan yo pa vini. Men, je nou chèch tankou jennès, nou pa janm wont.


Jouk jòdi a nou yonn pa regrèt sa nou te fè. Pèsonn pa gen krentif pou mwen, pèsonn pa sòti pou yo viv dapre lwa ak lòd mwen te mete devan nou ak devan zansèt nou yo.


Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo! Non, yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, y'ap tonbe menm jan tout lòt yo te tonbe a. Lè m'a regle ak yo, se va bout yo. Se mwen menm Senyè a ki di sa.


Se poutèt sa, men sa m'ap di nou: M'ap mete antrav sou chemen nou. N'ap bite. Papa pral mouri ansanm ak pitit gason yo. Tout zanmi yo, tout vwazinay yo pral mouri tou.


Se li menm ankò ki mete tout zafè l deyò. Li fè tout moun konnen se jennès li ye. Li mete l toutouni, li fè m degoute l tankou lòt sè a.


Jou pou yo pini moun Efrayim yo rive. Y'ap fini nèt avèk yo. M'ap kanpe nan mitan tout branch fanmi Izrayèl yo, m'ap fè yo konnen sa ki gen pou rive vre.


Men Senyè a la nan lavil la. Li pa nan patipri. Li p'ap fè lenjistis. Chak maten, li bay santans li. Depi bajou kase, li la l'ap rann jistis. Men, moun k'ap fè sa ki mal yo pa gen nen nan figi yo.


Se Senyè a k'ap tire revanj sou yo, se li k'ap fè yo peye sa yo fè a, lè lè a va rive pou yo tonbe. Jou pou yo detwi yo a pa lwen. Sa ki pare pou yo a fin rive.


Moun sa yo ap rive fin detwi tèt yo. Se vant yo ki bondye yo. Yo pran plezi yo nan bagay ki pou ta fè yo wont pito. Se bagay lemonn ase ki nan tèt yo.


跟着我们:

广告


广告