Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 8:10 - 1998 Haïtienne

10 Se poutèt sa m'ap pran madanm yo bay lòt moun. M'ap pran jaden yo bay moun k'ap anvayi peyi yo a. Paske yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan. Ni pwofèt yo, ni prèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

10 Akoz sa, Mwen va bay madanm pa yo a lòt moun, ak chan pa yo a lòt moun k ap okipe yo. Paske soti nan pi piti a jis rive nan pi gran an, yo tout lanvi gen sa ki pou lòt. Soti nan pwofèt la jis rive nan prèt la, tout aji ak desepsyon.

参见章节 复制




Jeremi 8:10
28 交叉引用  

se pou madanm mwen fè manje pou yon lòt gason. Se pou lòt gason kouche avè l.


Ata pwofèt yo ak prèt yo, yo sitèlman sou, y'ap titibe. Yo sitèlman bwè diven ak gwo gwòg fò, y'ap di betiz, y'ap depale. Pwofèt yo twò sou pou yo konprann anyen nan vizyon Bondye ap fè yo wè. Prèt yo ap depale, yo pa konn sa pou yo di lè moun vin mete yon ka devan yo.


Wi, mwen te fache anpil sou yo paske yo te gen move lanvi nan kè yo. Mwen te fè kòlè, mwen te pini yo, mwen te lage yo, paske yo t'ap fè tèt di, yo t'ap fè sa yo pi pito.


Men, Senyè a reponn, li di m konsa: — Se pa vre sa pwofèt yo ap di a. Yo pran non m pou bay manti! Se pa kras mwen menm ki voye yo. Mwen pa ba yo okenn lòd, mwen pa janm pale ak yo. Si yo fè vizyon, se pa mwen ki ba yo l. Si yo di yo konnen sa ki pral rive, se manti. Se lide yo fè nan tèt yo konsa pou twonpe pèp la, se sa ase yo ka louvri bouch yo di.


Lè m sòti al nan jaden, mwen wè kadav moun yo touye nan lagè. Lè m antre nan lavil la, mwen wè moun ap mouri grangou! Pwofèt yo menm ansanm ak prèt yo ap mache nan tout peyi a, yo pa konn sa y'ap fè.


Moun k'ap fè mal pou yo ka rive rich, yo tankou zwazo k'ap kouve ze yo pat ponn. Yo poko parèt, y'ap pèdi tou sa yo te genyen. Anvan yo mouri, yo gentan pèdi tèt yo.


Men ou menm, yon sèl bagay ou wè, yon sèl bagay ou konnen, se enterè pa ou ase. Se konsa w'ap touye inonsan. W'ap maltrete pèp la, w'ap maspinen l. Se Senyè a menm ki di sa.


Akòz tou sa moun peyi Izrayèl yo ak moun peyi Jida yo te fè ki mal, m about ak yo tout, ni wa yo, ni chèf yo, ni prèt yo, ni pwofèt yo, ni moun peyi Jida yo, ni moun lavil Jerizalèm yo.


Yo pral pran tout fanm ki rete nan palè wa Jida a, y'ap mennen yo bay chèf wa Babilòn lan. Medam yo pral di: Moun ki te pi bon zanmi wa a pran tèt li, yo fè l fè sa yo vle. Kounyeya, bra mesye pran n'a pèlen. Yo kouri kite l pou kont li.


Lè sa a, tout chèf lame yo ansanm ak Jokanan, pitit Kareja a, ak Jezanya, pitit Ochaya a ak tout moun yo, gran kou piti, y'al bò kote pwofèt Jeremi,


Annik manti ase pwofèt yo ap bay. Prèt yo menm, se pòch yo ase yo konnen. Pèp la menm renmen l konsa. Men, kisa y'a fè lè tou sa va fini?


Men, tou sa rive paske pwofèt li yo ak prèt li yo te peche. Yo te lakòz anpil moun ki mache dwat pèdi lavi yo mal.


Se konsa, tankou si yo te gen dizon, tout pèp la ap sanble bò kote ou, y'ap vin chita devan ou pou yo ka koute sa w'ap di. Men, yo p'ap fè sa w'ap di yo fè. Yo pran pawòl ou yo pou fè bèl fraz. Se enterè yo ase yo konnen.


Nou fin peze pòv malere yo, nou fòse yo ban nou nan rekòt jaden yo. Se poutèt sa, nou p'ap rete nan bèl gwo kay an wòch nou bati yo, ni nou p'ap bwè diven ki fèt ak rezen ki sòti nan bèl jaden nou te plante yo.


Lè jou a va rive, yo pral fè chante sou nou. Y'a plenn sò nou, y'a di: Nou pèdi tou sa nou te genyen. Bondye kite moun lòt nasyon yo pran peyi a nan men nou. Wi, li pran jaden nou yo bay yon bann moun ki pa kwè nan li.


Moun ap achte chèf yo ak lajan. Prèt yo ap fè peye pou esplike moun lalwa. Ata pwofèt yo ap anonse lavni pou lajan tou. Yo tout yo pretann di Senyè a avèk yo. Y'ap di: O wi, anyen p'ap rive nou! Senyè a bò kote nou!


Men, gen yon bann pwofèt k'ap twonpe pèp mwen an. Depi yo pa grese pat yo, y'ap mache di sa pral gate. Men, kite moun pa ba yo lajan, yo di pral gen lagè. Men sa Senyè a di sou pwofèt sa yo:


M'ap fè moun peyi Kalde yo kanpe. Se yon pèp san pitye, san manman. Y'ap mache toupatou sou latè, y'ap pran peyi lòt pèp nan men yo.


Se sa yo kwè! Y'ap piye tout richès yo, y'ap kraze tout kay yo. Y'ap bati kay, men yo p'ap menm gentan antre ladan yo. Y'ap plante pye rezen, men yo p'ap menm gentan pran fre diven an.


Se pou nou fèmen bouch moun sa yo. Yo boulvèse anpil fanmi deja ak move bagay y'ap anseye yo. Y'ap fè tou sa, pou yo ka fè lajan nan move kondisyon.


Paske, yon moun k'ap dirije legliz la, se li ki reskonsab travay Bondye a. Se pou li san repwòch. Se pa pou li awogan, ni renmen fè kòlè, ni renmen bwè gwòg. Li pa fèt pou l brital, ni renmen fè lajan nan move kondisyon.


跟着我们:

广告


广告