Dapre lòd Senyè a te ba li a, pwofèt la pale byen fò, li bay mesay sa a sou lotèl la: — Ou menm lotèl! Wi, ou menm lotèl! Men sa Senyè a di: Nan fanmi David la, gen yon timoun ki pral fèt, y'ap rele l Jozyas. L'ap vini, l'ap pran tout prèt k'ap sèvi nan kay zidòl yo, prèt k'ap boule lansan sou ou yo, l'ap touye yo sou ou. Lèfini, sou ou ankò y'a boule zosman moun.