Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 7:9 - 1998 Haïtienne

9 Kouman nou ta vle sa? N'ap vòlò, n'ap touye moun, n'ap fè adiltè, n'ap fè sèman pou bay manti, n'ap fè ofrann pou yo boule pou Baal, n'ap kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye nou pat janm konnen anvan.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

9 Èske nou va vòlè, touye moun, komèt adiltè, bay fo temwayaj, ofri sakrifis a Baal, e mache dèyè lòt dye ke nou pa t konnen,

参见章节 复制




Jeremi 7:9
46 交叉引用  

Eli al kanpe devan pèp la, li di yo: — Kilè n'a sispann woule de bò! Si se Senyè a ki Bondye, se li pou n sèvi. Si se Baal ki Bondye, se li pou n sèvi! Men pèp la pa di yon mo.


Piga nou gen lòt bondye pase mwen menm selman.


Nou mèt sispann fè bann ofrann sa yo ki p'ap sèvi nou anyen. Mwen pa ka sipòte lafimen lansan n'ap ofri m lan. Mwen pa vle wè fèt lalin nouvèl nou yo, jou repo nou yo ak tout lòt reyinyon n'ap fè yo. M pa ka sipòte fèt moun k'ap fè mechanste yo ap fè pou mwen.


Chak jou, y'ap fè sèvis pou mwen. Yo pretann yo konnen chemen m yo, tankou si se yon nasyon ki fè sa ki dwat devan m, epi ki pat janm lage lòd mwen te ba yo. Y'ap mande m pou m defann kòz yo. Yo ta vle pou Bondye kanpe la ak yo.


M'a pini moun nan peyi a jan m te di l la, paske yo te fè sa ki mal. Yo vire do ban mwen, y'al boule lansan pou lòt bondye. Yo fè zidòl, lèfini yo fè sèvis pou yo.


Nou menm moun peyi Jida, nou gen yon bondye pou chak lavil nan peyi a! Nou menm moun lavil Jerizalèm, mezi lari nou genyen se mezi lotèl nou bati pou boule ofrann pou Baal, zidòl k'ap fè nou wont la!


Se mwen menm Senyè ki gen tout pouvwa a ki te plante pèp Izrayèl la ansanm ak pèp Jida a. Men kounyeya, mwen pran desizyon pou m voye malè sou yo. Se yo menm ki chache l avèk tou sa yo fè ki mal: Se yo ki fè m fache paske y'al boule ofrann pou Baal!


Moun sa yo se move moun yo ye. Yo refize koute m lè m pale yo. Yo fè tèt di, yo fè tout vye lide ki vin nan tèt yo. Y'al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Se konsa y'ap tounen tankou sentiwon lenn lan ki pa bon pou anyen ankò.


Men, pèp mwen an bliye m. Y'ap boule lansan pou zidòl ki pa vo anyen. Kifè yo kite chemen pou yo te swiv la, chemen yo t'ap swiv depi nan tan lontan an, yo pran mache nan raje, kote ki pa gen chemen trase.


M'ap fè sa paske yo vire do ban mwen. Yo pran peyi a pou fè bagay yo pat dwe fè, yo boule lansan pou bondye moun lòt nasyon yo, bondye ni yo menm, ni zansèt yo, ni wa peyi Jida yo pat janm konnen. Epi yo touye yon pakèt ti inonsan.


Moun Babilòn k'ap atake lavil la pral antre ladan l. Y'ap mete dife, y'ap boule l. Y'ap mete dife nan kay kote moun yo te fè m fache anpil la, lè yo te moute anwo twati a pou boule lansan pou Baal, pou fè ofrann diven pou lòt bondye.


Se paske moun ki te rete la yo te fè sa ki mal, yo te fè m fache anpil sou yo. Yo te al ofri lansan bay lòt bondye, yo te al sèvi bondye ni yo menm, ni papa yo, ni granpapa yo pat janm konnen.


Nou deyò pou nou fè m fache ak sa n'ap fè a, lè n'ap ofri lansan bay bondye lòt nasyon yo, isit la nan peyi Lejip kote nou vin viv la? Nou vle fini ak tèt nou pou tout nasyon sou latè ka pase nou nan betiz, pou yo pran non nou pou bay moun madichon?


Gen lè nou bliye tout move zak nou tout, depi zansèt nou yo, pran wa peyi Jida yo ak madanm yo rive sou nou menm ansanm ak madanm pa nou yo, nou fè nan peyi Jida ak nan lari Jerizalèm?


M'ap disparèt moun lavil Mowab yo. Se Senyè a menm ki di sa. M'ap touye moun k'ap fè ofrann pou yo boule sou tèt mòn yo, moun k'ap boule lansan pou bondye yo.


Yo te mèt pran non m pou fè sèman, se pou twonpe moun.


Nan kondisyon sa a, ki jan pou m ta padonnen moun lavil Jerizalèm yo? Yo vire do ban mwen. Y'ap pran non yon bondye ki pa Bondye tout bon pou fè sèman. Mwen te ba yo tou sa yo bezwen. Men, yo lage kò yo nan fè adiltè. Y'ap goumen konsa pou yo antre kay jennès.


Pa pwofite sou moun lòt nasyon yo, sou timoun ki san papa yo, sou fanm ki pèdi mari yo. Sispann fè san moun inonsan koule nan peyi a. Pa kouri dèyè lòt bondye yo. Se va pou malè nou.


Papa l pou bò pa l te fè mechanste, li vòlò frè parèy li, li pa janm fè byen pou pèsonn. Se li menm k'ap mouri poutèt tou sa li fè ki mal.


Kounyeya, di moun pèp Izrayèl yo: Men mesay Senyè ki sèl Mèt la voye ba yo: Poukisa pou n'ap avili tèt nou tankou zansèt nou yo te fè yo, pou n'ap kouri fè sèvis pou zidòl yo?


Menm jou yo touye pitit yo pou zidòl yo, yo vin nan Tanp mwen an pou yo derespekte l. Men sa yo fè anndan kò kay mwen an.


Se poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Senyè, Sèl Mèt la, k'ap pale: Paske nou derespekte Tanp mwen an ak tout vye bagay degoutan ansanm ak bann bagay mwen pa vle wè menm nou te fè ladan l yo, mwen fè sèman, mwen menm tou m'ap san pitye pou nou. M'ap voye nou jete, mwen p'ap kite nou yonn chape.


Mwen pral pini li pou tout tan li te bliye m' lan, lè li t'ap boule lansan devan Baal yo, lè li t'ap mete bèl zanno ak bèl kolye pou plede mache dèyè bann nonm li yo. Se Senyè a menm ki di sa.


Prèt yo menm, se tankou yon bann ansasen k'ap veye moun sou granchemen. Sou tout wout ki mennen lavil Sichèm, se touye y'ap touye moun. Yo konnen byen pwòp tou sa y'ap fè a mal. Atousa yo fè l.


Ale non! Ofri pen nou bay Bondye pou di l mèsi! Mache di toupatou jan nou fè ofrann ak tout kè nou bay Bondye! Apa konsa nou renmen fè, pèp Izrayèl! Se Senyè a menm ki di sa.


Mwen pral disparèt dènye moun k'ap moute sou teras anwo kay pou adore solèy, lalin ak zetwal nan syèl la. M'ap detwi moun k'ap pran non mwen mete ansanm ak non zidòl Milkòm lan pou fè sèman.


Senyè ki gen tout pouvwa a di ankò: — M'a vin jwenn nou pou rann jistis. Parèt mwen parèt, m'ap denonse moun k'ap fè maji, moun k'ap fè adiltè, moun k'ap fè sèman pou twonpe moun, moun k'ap kenbe nan lajan moun k'ap travay pou yo, moun k'ap peze fanm ki pèdi mari yo ak timoun ki pèdi papa yo, moun k'ap pwofite sou moun lòt nasyon, moun ki pa genyen m krentif.


Nou konnen Bondye ap jije moun k'ap fè bagay sa yo, epi l'ap jije yo yon jan k'ap dakò ak verite a.


Y'al ofri bèt pou yo touye bay zidòl ki pa bondye tout bon, yon kalite bondye yo pat janm konnen anvan, lòt bondye ki fenk parèt, bondye zansèt yo pat janm gen krentif.


Men, pou moun ki lach yo, moun ki pa kenbe pawòl yo, ansasen yo, bann moun deprave yo, moun k'ap fè maji yo, moun k'ap adore zidòl ansanm ak moun k'ap bay manti, plas yo se nan letan dife ak souf k'ap boule a yo ye. Se sa yo rele dezyèm lanmò a.


Men, mete nou deyò, bann chen, nou menm moun k'ap fè maji, moun k'ap fè imoralite, ansasen, moun k'ap sèvi zidòl, ansanm ak tout moun ki pa renmen verite a men ki pito bay manti.


Lè sa a, te prèt pou gen lagè nan peyi a. Moun pèp Izrayèl yo tanmen sèvi lòt bondye. Lè sa a tou, te gen karantmil (40.000) gason nan pèp Izrayèl la. Men, pat gen yon plak pwotèj ak frenn pou yo sèvi.


跟着我们:

广告


广告