Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 7:8 - 1998 Haïtienne

8 Men, nou chita ap kwè yon bann pawòl manti ki p'ap sèvi nou anyen.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Gade byen, nou ap mete konfyans nan pawòl riz yo. Yo p ap ka fè anyen pou nou.

参见章节 复制




Jeremi 7:8
14 交叉引用  

— N'ap fè grandizè dèske nou te pase kontra avèk lanmò, nou te siyen papye ak chèf peyi kote mò yo ye a. N'ap plede di lè malè a va rive li p'ap tonbe sou nou, paske avèk fòs manti nou jwenn kote pou n kache, avèk fòs plan nou maske kò nou.


Y'ap di moun k'ap fè vizyon yo: Pa di nou vizyon nou fè yo. Y'ap di pwofèt yo: pa fè nou konnen sa nou dwe fè. Di nou bèl pawòl dous k'ap fè nou plezi. Kite nou ak sa nou kwè a.


Lè n'al nan tribinal se pou defann move kòz. Lè n'ap plede, nou bay manti. N'ap di yon bann bagay ki pa laverite. Se move lide ase ki nan tèt nou. Se mechanste ase n'ap fè.


Senyè a di: Men sa k'ap tann nou. Men sa mwen deside fè nou paske nou te bliye m, nou te al mete konfyans nou nan fo bondye.


Kilè y'a sispann, pwofèt sa yo k'ap bay manti, k'ap bay mesay ki pa vre, k'ap twonpe pèp la ak pawòl manti ki nan bouch yo?


Tande byen sa m'ap di: Mwen pral regle ak pwofèt sa yo k'ap rakonte rèv ki plen manti. Lè konsa, yo fè pèp mwen an pèdi tèt li ak manti y'ap ba li, ak bèl pawòl y'ap di pou tèt pa yo. Se pa mwen ki te voye yo. Se pa mwen ki te ba yo lòd ale. Yo pa ka fè anyen menm pou pèp la. Se mwen menm Senyè a ki pale.


Apre sa, pwofèt Jeremi di pwofèt Ananya konsa: — Koute byen, Ananya! Se pa Senyè a ki te voye ou di sa, tande. Ou twonpe konfyans pèp la.


Lè sa a, mwen di: Aaa! Senyè, Bondye! Ou twonpe moun lavil Jerizalèm yo nèt. Ou te di yo yo pa t'ap gen pwoblèm menm, epi se yon nepe ou voye pou touye yo.


Annik manti ase pwofèt yo ap bay. Prèt yo menm, se pòch yo ase yo konnen. Pèp la menm renmen l konsa. Men, kisa y'a fè lè tou sa va fini?


Nou pa bezwen kwè pawòl manti y'ap plede repete yo: Sa se gwo kay Senyè a! Sa se gwo kay Senyè a! Sa se gwo kay Senyè a! Anyen p'ap rive nou la.


Se poutèt sa m'ap pran madanm yo bay lòt moun. M'ap pran jaden yo bay moun k'ap anvayi peyi yo a. Paske yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan. Ni pwofèt yo, ni prèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan.


跟着我们:

广告


广告