Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 7:7 - 1998 Haïtienne

7 Lè sa a, m'a kite nou viv isit la, nan peyi mwen te bay zansèt nou yo pou tout tan tout tan.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 alò, Mwen va kite nou rete nan plas sa a, nan peyi ke M te bay a papa zansèt nou yo jis pou tout tan.

参见章节 复制




Jeremi 7:7
12 交叉引用  

Depi moun pèp Izrayèl yo viv jan mwen mande yo viv la, si yo fè tou sa ki nan lalwa Moyiz, sèvitè m lan, te ba yo a, mwen p'ap mete yo deyò nan peyi mwen te vle bay zansèt yo a.


Piga nou maltrete ni vèv yo, ni timoun san papa yo.


Si nou dakò pou nou fè sa mwen di nou fè, n'a manje bèl rekòt peyi a va bay.


Yo te di nou pou nou manyè kite vye chemen nou t'ap swiv yo, pou nou manyè sispann fè sa ki mal. Konsa, nou ta ka viv toujou nan peyi Senyè a te ban nou an, peyi li te bay zansèt nou yo pou tout tan tout tan an.


Kounyeya, se pou nou chanje jan n'ap viv la, sispann fè sa ki mal. Koute sa Senyè a, Bondye nou an, ap di nou. Lè sa a, l'a chanje lide, li p'ap voye malè li te di l'ap voye sou nou an.


Lè sa a, moun peyi Jida yo va mete tèt ansanm ak moun peyi Izrayèl yo ankò. Ansanm y'a sòti kite peyi nan nò a pou yo vin nan peyi mwen te bay zansèt yo pou rele yo pa yo a.


Mwen pa janm sispann voye sèvitè m yo, pwofèt yo, vin di nou: Manyè kite move pant n'ap swiv yo. Manyè fè sa ki dwat! Pa kouri dèyè lòt bondye pou nou sèvi yo. Konsa, n'a rete nan peyi mwen te bay pou zansèt nou yo ansanm ak nou an. Men, nou pa koute m.


Men sa Senyè a di ankò: — Nou menm pèp Izrayèl, si nou vle chanje vre, se tounen pou nou tounen vin jwenn mwen. Si nou wete vye zidòl nou yo devan je m, si nou sispann lage kò nou nan raje,


Mwen te kwè pèp mwen an ta gen yon ti krentif pou mwen. Leson an ta sèvi yo. Yo pa ta janm bliye sa m te fè yo pase. Men, se lè sa a yo lage kò yo pi rèd nan fè sa ki mal.


Se pou nou swiv tout lòd ak tout kòmandman mwen ban nou jòdi a. Konsa, ni nou menm, ni tout pitit nou yo apre nou, n'a viv lontan ak kè kontan nan peyi Senyè a, Bondye nou an, ap ban nou pou rele nou pa nou pou tout tan.


跟着我们:

广告


广告