Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 7:4 - 1998 Haïtienne

4 Nou pa bezwen kwè pawòl manti y'ap plede repete yo: Sa se gwo kay Senyè a! Sa se gwo kay Senyè a! Sa se gwo kay Senyè a! Anyen p'ap rive nou la.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 Pa mete konfyans nan pawòl manti k ap di nou: ‘Sa se tanp SENYÈ a, tanp SENYÈ a, tanp SENYÈ a.’

参见章节 复制




Jeremi 7:4
16 交叉引用  

lè sa a, m'ap wete pèp Izrayèl la nan peyi mwen ba yo a. M'ap vire do bay Tanp mwen te mete apa tankou kote pou yo fè sèvis pou mwen an. Moun toupatou va pase pèp Izrayèl la nan betiz, y'a fè chante sou li.


Nou cho konsa pou nou di se moun lavil Jerizalèm, lavil Bondye a, nou ye. Se sou Bondye pèp Izrayèl la n'ap mete tout espwa nou, li menm yo rele Senyè ki gen tout pouvwa a.


Lè n'al nan tribinal se pou defann move kòz. Lè n'ap plede, nou bay manti. N'ap di yon bann bagay ki pa laverite. Se move lide ase ki nan tèt nou. Se mechanste ase n'ap fè.


Men sa Senyè a di ankò: — Syèl la, se fòtèy kote mwen chita a. Tè a, se ti ban pou m lonje pye m. Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen? Ki kote nou ta ka ban mwen pou m poze kò m?


Apre sa, pwofèt Jeremi di pwofèt Ananya konsa: — Koute byen, Ananya! Se pa Senyè a ki te voye ou di sa, tande. Ou twonpe konfyans pèp la.


Se sa k'ap rive yo, paske yo te yon gwo wont pou pèp Izrayèl la. Yo fè adiltè ak madanm jwif parèy yo, lèfini y'ap pran non mwen pou bay manti, pou bay mesay mwen pat mete nan bouch yo. Mwen konnen sa yo fè, mwen te wè yo ak je m. Se Senyè a menm ki di sa.


— Voye mesay sa a bay tout moun yo depòte lavil Babilòn yo. Men sa Senyè a di sou Chemaja, moun Nekelam. Chemaja pran pòz pwofèt li, men se pa mwen ki voye l. Li fè nou bwè yon bann manti.


Yo pa pran malè ki rive pèp mwen an pou anyen. Y'ap plede di: Tout bagay ap mache byen, pa gen danje. Epi manti! Anyen p'ap mache.


Enben! Sa m te fè Silo a, se sa mwen pral fè kay yo mete apa pou mwen an, kay nou kwè ki ka sove nou an, ak peyi mwen te bay zansèt nou yo ansanm ak nou an.


N'ap derespekte mwen devan pèp mwen an. Pou kèk ponyen grenn lòj ak kèk moso pen n'ap touye moun ki pa merite mouri, n'ap sove moun ki pa merite viv ankò. N'ap bay pèp mwen an yon bann manti. Yo menm, yo byen kontan kwè nou.


Moun ap achte chèf yo ak lajan. Prèt yo ap fè peye pou esplike moun lalwa. Ata pwofèt yo ap anonse lavni pou lajan tou. Yo tout yo pretann di Senyè a avèk yo. Y'ap di: O wi, anyen p'ap rive nou! Senyè a bò kote nou!


Jou sa a, nou menm pèp mwen an, nou p'ap bezwen wont tou sa nou te fè lè nou te vire do ban mwen an. Mwen wete tout moun ki gen lògèy nan mitan nou, tout moun k'ap gonfle lestonmak yo sou moun. Nou va sispann kenbe tèt avè m sou mòn ki apa pou mwen an.


Fè bagay ki pou fè wè nou chanje lavi nou tout bon. Sispann di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye! Paske, mwen pa kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram.


跟着我们:

广告


广告