Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 7:21 - 1998 Haïtienne

21 Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di ankò: — Pran tout vyann nou te konn ofri pou boule nan dife, mete yo sou vyann bèt nou touye yo. Lèfini, manje tout.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Ajoute ofrann nou yo sou sakrifis nou yo e manje chè.

参见章节 复制




Jeremi 7:21
9 交叉引用  

Se pa pou bèt ou touye pou mwen yo m'ap fè ou repwòch, ni pou bèt ou boule pou mwen yo.


Nou pat ofri mouton nou yo pou yo te boule pou mwen. Se pat pou fè lwanj mwen nou te touye bèt nou yo. Mwen pat fòse nou fè ofrann grenn jaden nou yo pou mwen. Mwen pat fatige nou pou lansan nou pa boule pou mwen.


Yo te mèt boule bèt pou mwen ak rekòt jaden yo, sa p'ap ka fè mwen kontan ak yo. Okontrè mwen pral fè yo mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi.


Ki mele m ak lansan y'al chache nan peyi Saba, ak plant santi bon ki sòti nan peyi byen lwen! Zannimo n'ap ofri pou boule pou mwen yo pa fè m plezi menm. Bèt n'ap touye pou mwen yo pa di m anyen.


Men sa pou ou di yo: Senyè sèl Mèt la pale, li voye di nou: N'ap manje vyann ak tout san li ladan l. N'ap fè sèvis pou zidòl, n'ap mete san moun deyò, epi nou mete nan tèt nou tout peyi a pral rete pou nou?


Yo renmen fè ofrann bèt. Yo touye bèt yo ofri yo epi yo manje vyann lan. Men, mwen menm, Senyè a, se pa sa ki fè m plezi. Kounyeya mwen chonje tout peche yo fè, m'ap pini yo pou sa. M'ap fè yo tounen nan peyi Lejip.


Se la n'a ofri bèt pou boule nèt pou Senyè a sou lotèl Senyè a. Se la n'a vide san lòt bèt n'ap ofri sou lotèl Senyè a, epi se la n'a manje vyann lan tou.


跟着我们:

广告


广告