Biblia Todo Logo
在线圣经

- 广告 -




Jeremi 7:2 - 1998 Haïtienne

2 — Al kanpe devan gwo pòtay kay Bondye a. Pale byen fò, epi di: Nou tout moun peyi Jida k'ap vini pase nan pòtay sa a pou n'al fè sèvis pou Senyè a, koute sa Senyè a voye di nou.

参见章节 复制

Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 “Kanpe nan pòtay lakay SENYÈ a. La, pwoklame pawòl sa a. Di l konsa: ‘Koute pawòl SENYÈ a, nou tout nan Juda, ki antre nan pòtay sa yo pou adore SENYÈ a!’”

参见章节 复制




Jeremi 7:2
38 交叉引用  

Miche pran lapawòl ankò li di: — Bon! Koute mesay Senyè a. Mwen te wè Senyè a chita sou fòtèy li nan syèl la, avèk tout zanj li yo kanpe bò kote l, sou bò dwat ak sou bò gòch li.


Kounyeya, men li: nou rive devan pòtay lavil Jerizalèm.


Lavil Jerizalèm sa a! Chèf li yo tankou chèf lavil Sodòm. Moun li yo tankou moun lavil Gomò. Nou tout ki la a, koute sa Senyè a ap di chèf lavil yo. Pare zòrèy nou pou nou tande lòd Bondye nou an ap bay moun Jerizalèm yo.


Men, koute sa Senyè a di sou nou, nou menm moun pèp Izrayèl yo.


Apre sa, Senyè a di m ankò: — Al repete tout pawòl sa yo byen fò nan zòrèy moun lavil peyi Jida yo, ak nan zòrèy moun nan tout lari lavil Jerizalèm. Di yo: Koute kondisyon ki nan kontra a. Fè tou sa ki ladan l.


Lèfini, Jeremi kite Tofèt kote Senyè a te voye l al bay mesay li a, l'al kanpe nan gwo lakou Tanp lan. Li di pèp la konsa:


— Ale non. Men mesay ou pral bay nan zòrèy tout moun lavil Jerizalèm. Men sa Senyè a di: Mwen chonje jan ou te ye nan tan lontan, jan ou t'ap mouri pou mwen lè ou te jenn, jan ou te renmen m lè nou te fenk marye. Ou te swiv mwen nan dezè a, kote anyen pa pouse.


Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, nou menm tout moun branch fanmi pèp Izrayèl la, koute mesay Senyè a!


Men sa Senyè a di l: — Ale kanpe nan lakou Tanp lan. Ou pral di tou sa mwen te ba ou lòd di sou moun ki sòti nan tout lavil peyi Jida yo pou vin adore nan Kay Senyè a. Pa wete anyen.


Lè sa a, devan tout prèt yo ansanm ak foul moun ki te nan kay Senyè a, pwofèt Jeremi reponn pwofèt Ananya.


Tansèlman, Sedesyas, wa Jida, koute mesay Senyè a bay pou ou. Ou p'ap mouri nan lagè.


Lè sa a, Bawouk pran liv mesay Jeremi yo, li li l nan Tanp lan pou tout moun ka tande. Li te kanpe devan pyès chanm Gemarya, pitit gason Chafan an, ki te sekretè Tanp lan. Chanm lan te bay sou gwo lakou anwo a, toupre kote yo pase pou antre nan Pòtay Nèf Tanp Senyè a.


Men ou menm, ou prale nan Tanp lan jou pou pèp la fè jèn lan. Ou pral li nan woulo liv ou te ekri a tou sa mwen te dikte ou la, tout mesay Senyè a te bay yo. Ou pral li l byen fò pou tout moun ki nan Tanp lan ka tande, pou moun ki sòti nan lavil peyi Jida yo ka tande tou.


Apre sa, Jeremi pale ak tout pèp la, sitou ak medam yo. Li di yo konsa: — Nou tout moun peyi Jida ki isit nan peyi Lejip la, koute mesay Senyè a.


Senyè a pale ak Jeremi, li di l konsa:


Mwen santi pouvwa Senyè a sou mwen ankò. Lespri Bondye a pran m, li mennen m nan yon fon ki te plen zosman.


Koute sa byen, nou menm prèt yo! Pare zòrèy nou, nou menm pitit Izrayèl yo! Louvri zòrèy nou, nou menm ki fanmi wa a! Se nou menm y'ap jije kounyeya. Nou tounen yon pyèj sou mòn Mispa. Nou tounen yon pèlen yo mete sou mòn Tabò.


Kounyeya menm, koute pawòl Senyè a voye di ou: Ou menm w'ap mande m pou m pa bay okenn mesay sou pèp Izrayèl la, pou m sispann pale sou pitit Izarak yo.


Koute byen, nou menm tout nasyon yo. Pare zòrèy nou, nou tout k'ap viv sou latè. Senyè a, Bondye a, pral akize nou. Tande! Li rete nan tanp ki apa pou li a, l'ap pale.


M'a di yo: Koute byen, nou menm ki alatèt pitit Jakòb yo, nou tout k'ap dirije pèp Izrayèl la! Eske se pa devwa nou pou nou rann tout moun jistis?


Wi, koute m non, nou menm ki alatèt pitit Jakòb yo, nou menm chèf k'ap dirije peyi Izrayèl la. Nou pa renmen sa ki dwat. Nou vire lalwa a, nou fè l di sa nou vle.


Apre sa, Jezi di yo: — Si nou gen zòrèy pou n tande, tande.


Jezi reponn li: — Mwen te pale an piblik pou tout moun tande. Se nan sinagòg yo ak nan tanp lan, kote tout jwif yo sanble, se la mwen toujou moutre sa pou m te moutre a. Mwen pa janm di anyen an kachèt.


— Ale kanpe nan mitan tanp lan, epi anonse pèp la tout bagay sou jan pou yo viv kounyeya.


Toulejou, yo te nan tanp lan, yo t'ap mache kay an kay, yo pat janm sispann moutre moun yo anpil bagay. Yo t'ap anonse Bon Nouvèl ki pale sou Jezikri a.


— Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. — Moun ki va goumen jouk yo genyen batay la p'ap soufri dezyèm lanmò a.


— Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo. — Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'a ba yo lamàn ki kache a. M'ap ba yo chak yon ti wòch blan ak yon lòt non ekri sou li, yon non pèsonn pa konnen esèpte moun ki resevwa l la.


— Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.


— Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo! — Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m'ap ba yo dwa pou yo manje nan pyebwa ki bay lavi a, pyebwa ki nan mitan jaden Bondye a.


— Se pou tout moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.


— Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.


— Se pou moun ki gen zòrèy pou yo tande tande sa Lespri Bondye a ap di legliz yo.


跟着我们:

广告


广告